
Sant Aprantisaj Source Linker
Aprann kijan pou atache rejis ak ajoute zansèt nan Ab Jeneyalojik Familyal FamilySearch la.
Kisa ki nouvo nan Source Linker?
Gade detay enpòtan sou zansèt ou san w pa kite Lyen Sous la.
Ou ka modifye anpil nan detay ki sou Ab Jeneyalojik yo pandan w ap travay nan Lyen Sous la
Enfòmasyon Debaz sou Source Linker
Rejis istorik yo sèvi tankou yon prèv ke detay zansèt la ki nan Ab Jeneyalojik la korèk.
Aprann estrateji debaz pou analize sous sou Lyen Sous la
Chèche enfòmasyon ou bezwen an san w pa kite Lyen Sous la.
Yon deklarasyon rezon ede lòt itilizatè yo konprann poukisa ou te modifye Ab la, e an retou, ap gen mwens pwobababilite pou yo defèt oubyen chanje travay ou an.
Aprann kijan pou w atache sous la ak plis pase yon sèl moun.
Egzamine atachman ki la deja yo
Lè w detache yon sous, ou kraze koneksyon ki genyen ant sous la ak moun nan sou Ab Jeneyalojik la.
Lè ou gen kesyon sou detay ou wè nan Lyen Sous la, eseye gade oswa rejis la oswa sous imaj la pou plis enfòmasyon.
Aprann kijan pou w chache sou Ab Jeneyalojik la san ou pa kite Lyen Sous la.
Sèvi ak bouton ki di Pa yon Match la lè non ki sou kolòn goch sou Lyen Sous la pa koresponn avèk okenn nan non ki sou kolòn adwat la.
Lè w mete etikèt nan yon sous, ou chanje li pou l vin yon referans pou yon detay ki parèt sou paj moun nan sou Ab Jeneyalojik la.
Kreye nouvo moun ak nouvo relasyon
Sèvi ak Lyen Sous la pou ajoute moun sou Ab Jeneyalojik Family Search la.
Si non ki sou kolòn agoch sou Lyen Sous la pa òganize korèkteman, ou ka sèvi ak kapasite rale-ak-depoze souri w la pou rearanje yo.
Moun konsantre a se figi santral la nan Sous Linker. Tout lòt moun yo parèt an relasyon ak moun sa a.
Kesyon yo poze souvan
Ki endis anrejistreman ki genyen nan Ab Jeneyalojik Familyal la?
Endis anrejistreman yo se rejis istorik ke FamilySearch dekouvri sou ou konsènan zansèt ou yo. Lepli souvan, endis sa yo ka ede w idantifye timoun, paran, frè/sè, ak lòt fanmi ki manke nan ab jeneyalojik familyal ou a. Jwenn plis enfòmasyon sou endis anrejistreman yo.
Ki diferans ki genyen ant kolòn goch ak kolòn dwat ki nan Source Linker a?
Kolòn goch la montre w detay ki soti nan rejis istorik la. Kolòn dwat la montre w detay ki soti nan paj pèsonèl zansèt yo nan Ab Jeneyalojik Familyal FamilySearch la.
Kisa bouton Detay ak Konpare yo fè nan Source Linker?
Bouton Detay la elaji kolòn dwat Source Linker a epi li revele detay sou yon moun nan Ab Jeneyalojik Familyal la.
Bouton Konpare a elaji alafwa kolòn goch ak kolòn dwat Source Linker yo, yon fason pou w konpare moun ki nan sous la (kolòn goch) ak moun ki nan Ab Jeneyalojik Familyal (kolòn dwat) la.
Bouton Konpare a elaji alafwa kolòn goch ak kolòn dwat Source Linker yo, yon fason pou w konpare moun ki nan sous la (kolòn goch) ak moun ki nan Ab Jeneyalojik Familyal (kolòn dwat) la.
Kisa bwat zouti mwen an ye?
Bwat zouti w la se yon lis sous ke ou te sovgade. Se yon zouti ki pèmèt ou kenbe tras enfòmasyon bibliyografik ki asosye avèk yo a.
Lè w seleksyone Ajoute nan Bwat Zouti nan Source Linker, li sovgade enfòmasyon bibliyografik sous yo nan kont FamilySearch ou a. Apresa, ou ka retounen nan sous la nenpòt lè w vle:
Lè w seleksyone Ajoute nan Bwat Zouti nan Source Linker, li sovgade enfòmasyon bibliyografik sous yo nan kont FamilySearch ou a. Apresa, ou ka retounen nan sous la nenpòt lè w vle:
- Konekte sou FamilySearch.
- Nan kwen anlè adwat la, klike sou non w.
- Klike sou Source Box (Bwat Zouti).
Kijan pou m bay opinyon m sou FamilySearch konsènan Source Linker?
Nou vle konnen kisa w panse de Source Linker. Men kijan pou w pataje opinyon w:
- Nan fen paj Source Linker a, klike sou bouton Feedback (Fidbak) la.
- Seleksyone emotikòn ki pi byen dekri reyaksyon ou.
- Nan kazye fidbak ki ouvri a, mete sa w panse ak sigjesyon w.
Mwen pa sèten. Ki kote m ka jwenn èd pou Source Linker?
Sant Aprantisaj Source Linker a se premye meyè opsyon an. Epitou, ou kapab vizite FamilySearch Help and Learning oswa kontakte FamilySearch Support.
Poukisa li enpòtan pou mete yon sous nan atachman?
Sous yo ede reponn kesyon yo epi yo fè enfòmasyon osijè zansèt yo pi egzak. Epitou, yo pèmèt eksplorasyon Ab Jeneyalojik la vin yon eksperyans ki pi anrichisan ak enspiran. Sa yo se jis kèk avantaj poutèt ou mete sous yo nan atachman nan Ab Jeneyalojik Familyal FamilySearch la.
Kisa pou m fè avèk yon atachman ki pa konplè?
Yon atachman ki pa konplè se yon sous ki pat atache ak tout moun ki mansyone nan sous la. Si w tonbe sou yon atachman ki pa konplè, eseye egzamine li epi atache l nan lòt fanmi ki mansyone ladan l yo.