Detèmine si yon sous koresponn ak zansèt ou a

source match Top Image.png

Idantifye yon match pa toujou fasil. Men kèk gid espesyalis yo bay pou w ede detèmine si wi ou non rejis la koresponn ak yon zansèt:

  • Mande tèt ou, “Kijan sous la koresponn ak dat vital, kote a, ak relasyon ki deja sou Ab Jeneyalojik la?”
  • Mande tèt ou, “Èske genyen ase enfòmasyon pou konkli ke rejis la ak Ab Jeneyalojik la ap dekri menm moun nan?” Kèk rejis batèm, pa egzanp, dekri non manman an oubyen non papa an men san okenn lòt enfòmasyon vital, tankou laj ak dat nesans. Menmsi yon non enpòtan, li pa janm yon bon ide pou w konkli ke yon sous gen pou wè ak yon moun nan Ab Jeneyalojik la baze sou yon non sèlman.
  • Mande tèt ou, “Èske gen okenn siyal alaman?” Pa egzanp, konsidere yon sitiyasyon kote pifòt detay ki sou rejis la sanble li koresponn ak Ab Jeneyalojik la—ekspete ane nesans la, ki gen 15 ane diferans. Nan ka sa, rejis la gendwa pou yon kouzen.
  • Mande tèt ou, “Èske m ka fè rejis sa a konfyans?” An jeneral, mete plis konfyans sou yon rejis istorik ki pi pre evènman an. Pa egzanp, fè yon ak de nesans plis konfyans pou enfòmasyon nesans ki gendwa enkli enfòmasyon nesans la.

Finalman, pa bliye ke erè ka pi komen nan kèk kalite rejis pase nan yon lòt. Pa egzanp, moun ki ap fè resansman an gendwa te ekri non yo san li pa mande kijan pou l eple yo korèkteman. Oubyen laj moun nan te gendwa yon pwoksimite.
Sou yon ak de nesans, o kontrè, ou ka atann pou detay konsa yo pi fyab.

Èske sa te itil?