Gade rejis la oubyen imaj la pou jwenn plis enfòmasyon

Share
view for more info Top Image.png

Lè ou gen kesyon sou detay ou wè nan Lyen Sous la, eseye gade oswa rejis la oswa sous imaj la pou plis enfòmasyon. Si disponib, lyen an ak nenpòt resous ap parèt dirèkteman anwo kolòn agoch la sou Lyen Sous la.

Gade rejis la.

Rejis la se yon transkripsyon dijital sou enfòmasyon ki nan sous la. Se sous la selon jan volontè/benevòl la oubyen yon konpitè te li l ak entèprete li.

  • Benefis ki genyen nan gade rejis la se jan enfòmasyon an klè ak fasil pou konprann.
  • Pou presize, si gen yon erè nan transkripsyon an, ou pa p kapab idantifye erè sa a lè w gade rejis la sèlman.

Gade imaj la

Imaj la se yon fotograf sous aktyèl la. Li gen ladann tout sa ki te ekri, tape, oubyen enprime sou sous la. Nan majorite ka yo, se yon resous ki pi konplè pase rejis la.

Ki kote pou gade

View Record_2nd Image.png

Pou w gade rejis la oubyen imaj la, ale sou anwo ak agoch kolòn la sou Lyen Sous la, epi klike Gade Rejis oubyen Gade Imaj.

  • Yon pano obsèvasyon ap ouvri sou kote dwat ekran an kote ou kapab eksplore resous la san ou pa pèdi plas ou sou Lyen Sous la.
  • Si ou pa wè yon lyen pou gade imaj la, li kapab paske FamilySearch pa gen dwa legal pou l pataje imaj dijital la.
Èske sa te itil?