Atache yon sous ak plizyè moun nan Ab Jeneyalojik la.

Share
attach to multiple ppl Top Image.png

Rejis istorik yo pi souvan enkli non lòt manm fanmi yo. Ou kapab sèvi ak Lyen Sous la pou w atache sous la ak manm fanmi ki deja sou Ab Jeneyalojik la. Si moun nan poko sou Ab Jeneyalojik, ou kapab ajoute moun nan, epi apresa atache sous la.

Men kijan sa mache:

  1. Revize kolòn goch Lyen Sous la, epi gade non lòt manm fanmi yo.
  2. Lè ou jwen non yon lòt manm fanmi, gade si genyen yon non ki koresponn avèk li nan kolòn adwat la. (Endis: si non ki koresponn la sou liy ki diferan, ou gendwa rale ak depoze yo avèk souri a pou yo ka aliyen ansanm.)
  3. Klike sou Bouton konparemov la.
  4. Revize enfòmasyon an, epi detèmine si 2 pati nan Lyen Sous la ap dekri menm moun nan.
  5. Si repons la se wi, mete yon rezon ki eksplike kijan ou te rive nan konklizyon w lan, epi klike sou Atache.

Remak: Si yon bagay nan sous la nouvo oubyen li manke nan Ab Jeneyalojik la, w ap bezwen klike sou Ajoute anvan pou ka ajoute detay sou kolòn adwat la epi klike sou Atache.

Èske sa te itil?