Source Linker [Lyen Sous la] gen bouton ble pou detache ak bouton jòn pou detache. Chak youn nan yo retire koneksyon ki genyen ant sous la ak moun nan sou Ab Jeneyalojik la men pou rezon ki diferan.

Bouton ble pou detache

Yon bouton ble pou detache vledi ke sous enfòmasyon an ki sou kolòn goch la deja atache ak moun ki sou kolòn dwal la.
- Nan sitiyasyon sa a, lè w klike sou bouton ble pou detache a li retire koneksyon ki genyen ant enfòmasyon ki sou de kolòn yo.
- Ou sèlman ta vle klike sou bouton ble pou atache a si ou sèten ke sous la (kolòn goch la) ak Ab Jeneyalojik la (kolòn dwat la) ap fè referans a de moun diferan.
Apresa, ou menm oubyen yon lòt envestigatè gendwa retounen sou sous la epi atache l a yon lòt moun sou Ab Jeneyalojik la sou FamilySearch.
Bouton jòn pou detache

Yon bouton jòn pou detache vledi ke sous la (kolòn goch la) atache avèk yon moun ki diferan pase moun ou wè sou kolòn dwat Lyen Sous la.
- Nan sitiyasyon sa a, lè ou klike sou yon bonton jòn pou detache li retire koneksyon ki genyen ant sous la ak pwofil lòt moun nan sou Family Tree.
- Ou sèlman ta vle klike sou bouton jòn pou atache a si ou sèten ke moun ou wè sou de kolòn nan Lyen Sous la se menm nan epi atachman ki te fèt anvan an te yon erè.
Yon fwa ou detache sous la ak lòt pwofil la, ou kapab atache li ak moun ki sou kolòn dwat nan Lyen Sous la.