Afiche konjwen ki korèk la
Lè yon moun gen plis pase yon konjwen nan Ab Jeneyalojik epi konjwen ki korèk la pa afiche sou kolòn adwat la nan Lyen Sous la, suiv enstriksyon ki anba la a pou w chanje konjwen yo ak afiche bon an.
- Sou kolòn adwat la, jwenn konjwen ki pa korèk la.
- Anba enfòmasyon konjwen ki pa korèk la, chwazi Chanje Konjwen, epi apresa chwazi konjwen ki korèk la.
- Si enfòmasyon ki agoch la pa annakò avèk moun ki korèk sou dwat la, rale li epi depoze enfòmasyon a sou bon kote a.
Si w pa wè konjwen ki korèk la:
- Retounen sou paj moun nan, epi egzamine konjwen yo. Si ou toujou pa ka wè konjwen ki korèk la, sèvi ak rejis istorik yo pou w jwenn enfòmasyon sou konjwen ki manke a.
- Avèk enfòmasyon sa a, ajoute konjwen kòrèk la nan Ab Jeneyalojik.
- Retounen sou Lyen Sous la, epi atache sous la.
Afiche pitit ki korèk yo
Pitit yo ki sou kolòn dwat nan Lyen Sous la depann de paran ki afiche yo. Si w pa wè pitit ou te atann pou w wè yo, yo gendwa pou yon lòt konjwen. Pou gade pitit sa yo:
- Chwazi Chanje Konjwen, epi chwazi konjwen ki paran pitit ou vle wè a. Si konjwen ki korèk la pa parèt tankou yon opsyon, ou gendwa bezwen ajoute konjwen an sou Ab Jeneyalojik.
- Si enfòmasyon ki sou goch la pa annakò avèk moun ki korèk sou dwat la, rale epi depoze enfòmasyon a sou bon kote a.
Atache sous la
Pou tout endividi ki sou kolòn goch la ki gen yon korespondans sou dwat la.:
- Seleksyone Konpare.
- Verifye enfòmasyon an.
- Si enfòmasyon an sanble li korèk, eksplike poukisa w ap atache sous la nan Rezon pou atache kazye sous la.
- Pou w atache rejis moun nan sou Ab Jeneyalojik, chwazi Atache.
Si ou detèmine ke yon timoun konekte a yon paran ki pa korèk, suiv entriksyon yo sou Kijan pou mwen korije relasyon paran-pitit sou Ab Jeneyalojik? Lè relasyon a korèk, retounen sou Lyen Sous la, epi atache sous yo.
Poukisa m ap wè lòt senbòl erè?
Senbòl erè yo ka parèt pou plizyè rezon: Pa egzanp, petèt sous w ap eseye atache a deja atache ak yon lòt moun.
- Yon eksplikasyon pou erè a dabitid ap parèt sou goch senbòl erè a. Si li pa la, pase souri la sou senbòl la pou w gade eksplikasyon an.
Lè w ap jere plizyè konjwen, ou gendwa wè senbòl erè pou yon ti tan lè yon rejis gen pitit ki pou yon lòt konjwen. Ou pa bezwen fè anyen nan ka sa a. Tou suit ou retounen sou konjwen ki paran pitit la, senbòl erè a ap disparèt.