Ou gen opòtinete pou w ekri yon deklarasyon rezon w nenpòt lè w efase, modifye, oubyen ajoute sou enfòmasyon ki deja sou Ab Jeneyalojik FamilySearch la.
- Yon deklarasyon rezon ap ede lòt itilizatè yo konprann poukisa ou te modifye Ab la, e an retou, l ap mwens pwobab pou yo defèt oubyen chanje travay ou an.
- Deklarasyon ou an pa bezwen ni long ni konplike.
- Pa gen pwoblèm si li kout—depi deklarasyon an klè ak espesifik.
