Entwodiksyon
Byenveni nan nouvo wòl ou antanke yon kowòdonatè sant FamilySearch. Responsablite prensipal ou se ede lòt moun fè eksperyans tanp ak istwa familyal ki pèsonalize. Wòl segondè w se administre sant FamilySearch la. Enfòmasyon sa yo itil pou nouvo apèl ou a.
Nan fen atik sa a genyen lyen pou enfòmasyon adisyonèl itil ki soti nan FamilySearch.org Sant Èd ak Aprantisaj.
Anrejistre kòm yon nouvo kowòdonatè sant FamilySearch
- Si ou pa genyen yon kont Legliz la, kreye youn nan https://account.churchofjesuschrist.org/register
- Kontakte FamilySearch epi anrejistre nouvo apèl ou a.
Rekritman ak Fòmasyon
Konsilte avèk manm gran konsèy pieu a ki anchaj istwa familyal la. Li ka ede w konprann apèl ou a epi ede w avèk bagay sa yo:
- Founi konsèy ak direksyon.
- Etabli yon moman regilyèman pou reyini pou nou diskite sou fonksyonman sant la.
- Diskite sou detay tankou orè sant la, rekritman, bezwen fòmasyon yo, ak itilizasyon manm yo.
- Antre non ou ak apèl standa ou kòm kowòdonatè sant FamilySearch nan seksyon Jere Apèl yo nan Resous pou Dirijan ak Grefye a. Sa ap asire ke tanp zòn ou an ak konsiltan istwa familyal ou okouran de apèl ou a.
Rankontre avèk ansyen kowòdonatè sant FamilySearch la, si posib. Ansyen kowòdonatè a ka ede w nan fason sa yo:
- Founi enfòmasyon konsènan sant la, tankou lè l ouvri ak pèsonèl la aktyèlman.
- Enfòme w sou nenpòt sousi nan rekritman oubyen lòt pwoblèm.
- Ba ou kle yo pou sant la.
- Founi w modpas administratè pou konpitè yo.
- Diskite sou responsablite debaz yo.
- Founi enfòmasyon kontak pou responsable fasilite fizik yo ak espesyalis teknoloji pieu a.
Ale nan FamilySearch Community a. Antre nan gwoup sa yo:
- Konsiltan Tanp ak Istwa Familyal
- Sipò pou Kowòdonatè ak Pèsonèl Sant FamilySearch la
Itilize gwoup Kominote yo pou poze kesyon, pataje ide, ak resevwa èd. Aksede nan Kominote FamilySearch isit la.
Pou rantre nan Gwoup Kominotè yo:
- Konekte avèk kont manm ou (Legliz oswa FamilySearch) ki asosye avèk Nimewo Rejis Legliz ou a.
- Seleksyone Gwoup.
- Nan espas ki di Chèche Gwoup la, antre: Konsiltan Tanp & Istwa familyal epi peze Enter.
- Klike sou group Konsiltan Tanp & Istwa Familyal la nan rezilta yo.
- Klike sou Enskri.
- Sou anlè ekran an, kote li di: HOME > GROUP > TEMPLE & FAMILY HISTORY CONSULTANTS (PAJ AKÈY > GWOUP > KONSILTAN TANP & ISTWA FAMILYAL), chwazi GWOUP pou retounen nan ekran Gwoup la.
- Nan espas ki di Chèche Gwoup la, antre: Sipò Sant FamilySearch pou Kowòdonatè ak Pèsonèl yo epi peze Antre.
- Klike sou group Sipò Sant FamilySearch pou Kowòdonatè ak Pèsonèl yo nan rezilta yo.
Klike Enskri.
Pou retounen nan gwoup ou yo alavni, apre ou fin konekte nan sit Kominote a, sou anlè nan ekran an {seleksyone Gwoup, apresa seleksyone Gwoup Mwen yo pou w wè yon lis gwoup ou te antre.
Si pèsonn nan pieu a pa ka ba ou fòmasyon, konsilte yon manm nan prezidans pieu w la. Li ka ba ou enfòmasyon kontak pou konsiltan tanp ak istwa familyal zòn ou an. Si manm pèsonèl aktyèl ou yo pa konnen kijan pou yo ofri izaje yo yon eksperyans en-a-en, tanpri ba yo fòmasyon. Si w pa santi w konnen ase pou w bay pèsonèl ou a fòmasyon, konsilte dirijan prètriz ou yo.
W ap jwenn resous ak materyèl fòmasyon yo sou paj Resous Sant FamilySearch la.
Bezwen pou Pèsonèl Adisyonèl
Si w bezwen plis manm pèsonèl, reyini avèk dirijan prètriz ou yo epi diskite sou bezwen w yo. Pèsonèl la enkli konsiltan tanp ak istwa familyal pawas yo ansanm ak volontè manm yo ak nan kominote a. Ou ka jwenn èd adisyonèl isit la oswa atravè Kominote FamilySearch.
Rapò Mansyèl
Ou ka jwenn aksè nan rapò mansyèl sou aktivite sant lan pou zòn sa yo isit la:
Remak: Nan Ewòp Santral, rapòte done sa yo kounye a pa obligatwa.
- Ewòp
- Lès Ewòp
- Amerik Latin
Ranpli rapò a nan fè bagay sa yo:
- Chwazi yon lang nan meni dewoulan an.
- Antre non itilizatè ak modpas ou.
- Klike sou Enter (Antre)
- Ranpli rapò a.
- Klike Soumèt
Pou zòn sa yo, rapò chak mwa a ka jwenn aksè isit la:
- Amerik di Nò
- Afrik
- Pasifik
- Filipin
Ranpli rapò a nan fè bagay sa yo:
- Antre nimewo inite sant FamilySearch ou.
- Klike Kontinye
- Ranpli rapò a.
- Klike Soumèt
Rapò mansyèl la enkli kantite lè sant la ouvri, kantite vizit manm ak lòt vizitè yo fè, ak lòt bagay. Rapò chak mwa yo ka afekte si yo ka konsidere sant ou a pou ranplase ekipman. Li rekòmande pou w make sit zòn ou an.
Apre w fin soumèt yon rapò mansyèl, y ap voye yon imèl nan kont FamilyHistoryMail ou a avèk enfòmasyon ou te soumèt yo. Ou ka transfere rapò a bay dirijan prètriz ou yo.
Gid Fonksyonman Sant FamilySearch yo
Gid Fonksyonman Sant FamilySearch la se yon manyèl debaz pou jere sant FamilySearch yo. Na p jwen enfòmasyon konsènan sijè sa yo nan gid fonksyonman an:
Lis Òganizasyon ak Dirijan Legliz yo (LODL)
Kat pou Lokalize Sant FamilySearch ak Bibliyotèk Afilye
FamilyHistoryMail
Òdinatè, Enprimant, ak Lojisyèl
Mikwofim ak Mikwofich
Sant Zouti
Jesyon Fasilite Fizik
Si w pa sèten ke yon bagay nan gid fonksyonman an ajou, tanpri kontakte Sipò FamilySearch pou asistans.
Pòtay Sant FamilySearch
Pòtay Sant FamilySearch la se pwen de depa pou sit entènèt FamilySearch yo ak lòt sèvis ki disponib pou izaje sant FamilySearch yo. Fè pòtay la tounen paj prencipal la sou navigatè chak òdinatè nan sant la. Jwenn aksè nan Pòtay Sant FamilySearch la nan: https://www.familysearch.org/fhcenters/portal Pou plis enfòmasyon sou ekstansyon navigatè ki rekòmande a, gade atik ki rele: How to use the FamilySearch Center Premium Content extension (Kijan pou itilize ekstansyon Kontni Premium FamilySearch la).
Sant Èd Ak Sant Aprantisaj FamilySearch
Sant Èd ak Aprantisaj FamilySearch la genyen atik ak lòt resous pou asiste ou avèk apèl ou a. Pou jwenn aksè nan Sant Èd ak Aprantisaj la, konekte nan FamilySearch.org. Klike sou pwen dentèwogasyon an (?) nan kwen anwo-adwat nan ekran an. Antre kritè rechèch yo nan espas rechèch meni Èd la, oswa klike sou lyen Sant Èd ak Aprantisaj.
Planè
Planè a pèmèt ou ede lòt moun. Ou ka ajoute lòt manm nan planè a pou w wè enfòmasyon ab jeneyalojik yo ak planifye eksperyans istwa familyal ki pèsonalize pou yo. Pou jwenn aksè nan Planè a, klike sou senbòl pwen dentèwogasyon an epi apresa sou Resous Èd.
Atik ki an rapò
Debarase w de ansyen konpitè nan sant FamilySearch yo
Itilize Pòtay Sant Sèvis FamilySearch la
Ekstansyon Navigatè pou Kontni Premium Sant FamilySearch
Fè Pòtay Sant Sèvis FamilySearch la vin paj prensipal la
Chanje yon modpas FamilyHistoryMail
Kont FamilyHistoryMail la bloke
Pwoblèm koneksyon ak modpas nan Kont FamilyHistoryMail
Mizajou sant enfòmasyon FamilySearch nan LODL la
Aksè sant FamilySearch nan LODL la
Mikrofilm oubyen milrofich ou pa bezwen nan yon sant FamilySearch
Kouman pou m prepare yon leson nan Planè a?
Resous anliy pou sant FamilySearch yo
Gid Fonksyonman Sant FamilySearch yo
Mizajou enfòmasyon sou kowòdonatè sant FamilySearch