Kouman Ab Familyal la pwoteje lavi prive moun ki vivan yo?

Pou pwoteje lavi prive, sit Ab Familyal la limite kiyès ki ka wè rejis moun ki vivan yo. Se sèlman izaje ki te antre enfòmasyon sou yon moun ki vivan nan Ab Familyal la ki ka wè l oubyen chanje l.

Pran prekosyon lè w ap atache souvni a moun ki vivan. Nan kèk sikonstans, lòt moun ka wè enfòmasyon sou souvni yo. Nou rekòmande pou w etabli souvni sou moun ki vivan yo kòm bagay prive.

Kouman m ka konnen si yon moun m ka wè nan Ab Familyal la vivan?

Nan Ab Familyal la, rejis moun ki vivan yo yo gen yon bando jòn ki travèse tèt paj moun nan Epitou, mo "Vivan" an parèt olye de yon dat desè oubyen olye de mo "Desede a."

Kouman pou m ajoute yon moun ki vivan nan Ab Familyal?

  • Ou ajoute yon moun nan Ab Familyal epi w seleksyone opsyon Vivan an.
  • Ou transfere rejis yon moun ki vivan sòti nan baz done ke w ap jere a ale nan yon lòt pwogram endepandan.

Manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ka kèkfwa wè moun vivan ki gen enfòmasyon yo ki sòti nan rejis manm yo nan Legliz la.

Kouman rejis moun ki vivan yo vin tounen piblik?

Rejis yon moun vin piblik apre w ajoute yon dat desè ladan l. Ab Familyal la pa kalkile si yon moun ki gen rejis li make vivan ta ka desede. Sistèm nan pa baze sou dat nesans pou chanje kondisyon moun kòm desede.

Èske plizyè founisè done ka antre menm moun vivan an nan Ab Familyal la ?

Plizyè izaje ka antre yon pwofil pou menm moun vivan an nan Ab Familyal la. Chak antre gen yon Idantite diferan. Si w fè chanjman nan pwofil yon moun vivan ke w ka wè, chanjman w yo pa afekte lòt pwofil pou menm moun sa a.

Atik ki an rapò

Kouman pou m chanje paramèt konfidansyalite m yo nan FamilySearch?
Kouman pou m fè yon souvni vin prive?
Kouman pou m chanje kondisyon yon moun soti nan vivan pou vin desede nan Ab Familyal la?
Kouman pou m wè kontribisyon m yo nan Ab Familyal la?
Kouman pou m fizyone diplikata moun ki vivan oubyen ki konfidansyèl mwen te ajoute nan Ab Familyal la?
Èske m ka ajoute souvni konsènan manm fanmi m ki vivan nan Ab Familyal la?
Èske m ka pataje aksè a moun vivan ak konfidansyèl ke m te ajoute nan Rasin Familyal?

moduleTitle