Konekte nan fonksyon ki nan FamilySearch yo, enkli itilizasyon seksyon Family Tree (Ab Familyal) la ak pou w ka fè rechèch nan koleksyon rejis gratis anliy nou an.
Si w po ko gen yon kont, kreye kont ou toudabò.
- Ale nan FamilySearch.
- Nan kwen sou anlè dwat la, clike sou Konekte. (Si Konekte pa nan meni an, klike sou senbòl avèk twa liy orizontal yo. Apresa clike sou Konekte.)
- Antre non itilizatè ak modpas ou.
- Si w vle rete konekte pou de semèn, klike sou Kenbe m konekte pou 2 semèn.
- Klike sou Konekte.
Note: Fonksyon Kenbe m konekte pou 2 semèn nan relye avèk cookies ak modpass ki sovgade nan familysearch.org yo nan paramèt navigatè w la. Fonksyon sa a p ap fonksyone sou lòt navigatè oubyen nan navigatè pa w la apre cookies, cache, ak fichye tanporè yo fin efase.
- Ouvri app Ab Familyal oubyen Souvni pou aparèy mobil yo a epi antre non itilizatè w ak modpas ou.
- Tape Konekte.
Konekte pou w itilize Ab Familyal Senplifye a:
- Ale nan Ab Familyal Senplifye (Family Tree Lite).
- Antre non itilizatè w ak modpas ou.
- Klike sou Konekte.
Kouman pou m kreye yon kont FamilySearch gratis?
Kouman pou m dekonekte nan FamilySearch?
M bliye modpas ak non itilizatè FamilySearch mwen an