M bliye modpas oubyen non itilizatè FamilySearch mwen

Ou ka rekipere yon non itilizatè ke w bliye oubyen retabli yon modpas pou kont FamilySearch ou si w itilize nenpòt opsyon ki lye dirèkteman avèk kont ou a:

  • Nimewo Telefòn mobil ou
  • Adrès imel ou

Ou ka rekipere yon non itilizatè oubyen retabli yon modpas si w te aktive kont FamilySearch ou a. Si kont ou a pa aktive, silvouplè, kontakte Sipò FamilySearch.

Etap (sit entènèt)

  1. Sou anlè kwen dwat nan sit FamilySearch la, klike sou Konekte.
  2. Fè youn nan bagay suivan yo, toudepan si w bliye non itilizatè w sèlman, modpas ou, oubyen toulède: 
    • Non itilizatè sèlman: klike sou non itilizatè anba espas pou Modpas la.
    • Modpas sèlman: klike sou modpas anba espas pou Modpas la.
    • Toude: Klike sou non iztilizatè anba espas pou Modpas la. Apresa, sou ekran suivan an, klike sou kazye a ki bò kote M pa sonje modpas mwenan.
  3. Seleksyone yon metòd rekiperasyon ki baze sou enfòmasyon ou te bay pandan anrejistreman an.
    • Mobil: Antre nimewo mobil ou. Yon kòd verifikasyon ale nan nimewo sa a. Antre kòd verifikasyon an nan kote yo ba ou a, epi klike sou OKE.
    • Imèl: Antre adrès imèl ou. Yon imèl avèk tout non itilizatè ki asosye avèk kont imèl sa a ap vin jwenn ou. Ouvri imèl la, epi klike sou non itilizatè ke w vle itilize a.
  4. Sa k rive nan apre a ap depann de kisa w endike ke w te bliye:
    • Non itilizatè sèlman: Paj pou konekte a reparèt, avèk non itilizatè w la otomatikman ranpli. Ou ka antre modpas ou a kounyea, epi konekte. Oubyen si w dekouvri ke w te bliye modpas ou a tou, klike sou modpas pou retabli modpas ou a.
    • Modpas sèlman: Opsyon pou w retabli modpas ou a ap parèt.
    • Toude: Opsyon pou retabli modpas ou a ap parèt. Non itilizatè w la parèt sou ekran an.
  5. Si sa nesesè, retabli modpas ou a:
    1. Antre yon nouvo modpas.
    2. Verifye nouvo modpas la.
    3. Klike sou Retabli.

Etap (app mobil)

  1. Kòmanse swa app mobil Family Tree a oswa app mobil Souvni an
  2. Sou ekran pou konekte a, fè youn nan bagay suivan yo, toudepan de si w bliye non itilizatè w la sèlman, modpas ou sèlman, oubyen toude: 
    • Non itilizatè sèlman: Tape sou non itilizatè
    • Modpas sèlman: Tape sou modpas
    • Toude: Tape sou non itilizatè. Apresa, sou ekran suivan an, tape sou kazye pou tcheke a bòkote M pa sonje modpas mwen an.
  3. Seleksyone yon metòd rekiperasyon ki baze sou enfòmasyon ou te bay pandan anrejistreman an.
    • Mobil: Antre nimewo mobil ou. Yon kòd verifikasyon ale nan nimewo sa a. Antre kòd verifikasyon an nan espas yo ba ou a, epi tape Kontinye.
    • Imèl: Antre adrès imèl ou. Yon imèl avèk tout non itilizatè ki asosye avèk kont imèl sa a ap vin jwenn ou. Ouvri imèl la epi tape sou non itilizatè ke w vle itilize a.
  4. Sa k rive nan apre a ap depann de kisa w endike ke w te bliye:
    • Non itilizatè sèlman: Paj pou konekte a reparèt, avèk non itilizatè w la otomatikman ranpli. Ou ka antre modpas ou a kounyea, epi konekte. Oubyen si w dekouvri ke w te bliye modpas ou a tou, klike sou modpas pou retabli modpas ou a.
    • Modpas sèlman: Opsyon pou w retabli modpas ou a ap parèt.
    • Toude: Opsyon pou retabli modpas ou a parèt. Non itilizatè w la parèt sou ekran an.
  5. Si sa nesesè, retabli modpas ou a:
    1. Antre yon nouvo modpas.
    2. Verifye nouvo modpas la.
    3. Tape Retabli.

Etap (Family Tree Lite)

  1. Ale nan Family Tree Lite.
  2. Si w sonje non itilizatè w la, antre l, epi klike sou Konekte. Si w bliye non itilizatè w la, ou ka rejwenn li:
    1. Klike sou Bliye Non Itilizatè?
    2. Seleksyone yon metòd rekiperasyon ki disponib pou kont ou a.
      • Mobil: Antre nimewo mobil ou. Yon kòd verifikasyon vini sou nimewo sa a. Antre kòd verifikasyon an nan espas yo ba ou a, epi klike sou Kontinye.
      • Imèl: Antre adrès imèl ou. Yon imèl avèk tout non itilizatè ki asosye avèk kont imèl sa a ap vin jwenn ou. Ouvri imèl la, epi klike sou non izaje ou vle itilize a.
  3. Si w bliye modpas ou, ou ka retabli l:
    1. Klike sou Bliye modpas?
    2. Seleksyone opsyon mobil oubyen imèl. Antre enfòmasyon an epi klike sou kazye pou tcheke a, ki bòkote M pa sonje modpas mwen an.
    3. Klike sou OKE.
    4. Yon mesaj ap vin jwenn ou avèk opsyon pou w retabli modpas ou a. Ouvri mesaj la, epi klike sou Retabli Modpas.
    5. Antre epi konfime nouvo modpas ou a.
    6. Klike sou Retabli.

Atik ki anrapò

Kouman pou mande revoye yon kòd verifikasyon pou aktive kont FamilySearch mwen an?
Kouman pou m mande FamilySearch revoye yon imèl verifikasyon pou kont mwen an?

Èske sa te itil?