Kouman pou m kreye yon kont FamilySearch gratis?

Yon kont FamilySearch gratis bay pigran aksè a resous ki sou sit entènèt FamilySearch la.

Anvan w kòmanse

  • Nenpòt moun ki gen plis pase 13 lane ka kreye yon kont.
  • Avèk pèmisyon paran, timoun ki gen laj 8–12 yo ka kreye yon kont.
  • Nou rekòmande chak moun pou yo itilize yon adrès imèl separe oubyen yon nimewo telefòn mobil. Lè yo fè sa, l ap pi fasil pou yo rekipere non izaje yo oswa retabli yon modpas.
  • Lè w kreye yon kont, non izaje ou chwazi a ka deja an sikilasyon. Si se sa, sistèm nan bay kèk varyasyon kote w ka chwazi. Oubyen, ou ka antre yon non izaje diferan
  • Nou rekòmande ke ou itilize yon lòt bagay ki pa adrès imèl ou kòm non izaje w.
  • Si w itilize adrès imèl ou kòm non izaje w, silvouplè, mete yon nimewo mobil tou pou fasilite rekipere kont la.
  • Nan sit entènèt la, premye fwa w gade jeneyaloji (pedigree) pa w la, w ap wè yon ekran ki di Kòmanse Ab Jeneyalojik Ou ki gen etap fasil pou w suiv pou ede w antre enfòmasyon konsènan oumenm nan Ab Jeneyalojik la.

Etap sit entènèt

  1. Ale nan FamilySearch.org, epi klike sou Kreye Kont.​​
  2. Antre enfòmasyon ki nesesè a, epi klike sou Kontinye.
  3. Antre yon non itilizatè ak modpas.
  4. Klike sou flèch desann nan, epi klike yon opsyon pou rekipere. Si peyi w la pa sou lis lokalite a, ou dwe itilize yon adrès imèl pou rekiperasyon.
  5. Pou w dakò avèk kondisyon yo, tcheke kazye a, Klike sou Kreye Kont.
  6. Aktive kont oua. Chèche yon mesaj nan imèl ou oubyen yon mesaj tèks sou telefòn mobil ou.

Etap (app mobile)

  1. Ouvri app Family Tree a nan Familyal FamilySearch la oubyen app Souvni an nan aparèy elektronik ou a.
  2. Tape Kreye yon Kont Gratis.
  3. Itilize enstriksyon sit entènèt () la pandan w ap kreye kont ou a.

Etap (Family Tree Lite)

  1. Ale nan Family Tree Lite.
  2. Klike sou Kreye yon Kont Gratis.
  3. Itilize enstriksyon sit entènèt la pandan w ap kreye kont ou a.

Pwochen Etap sa yo rekòmande

Revize enfòmasyon kontak ou a ak fason pou notifikasyon w prefere nan paramèt FamilySearchou a.

Jwenn èd

Si w rankontre pwoblèm, kontakte FamilySearch Support.

Solisyon pou pwoblèm òdinè

Men mesaj ki vledi ke w siman deja gen yon kont:

  • "Nou kwè kont sa a deja egziste."
  • "Nimewo telefòn mobil ou antre a deja itilize nan yon lòt kont."
  • "Nimewo rejis manm sa a nan Legliz la deja itilize nan yon kont."

Nòt pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

  • Ou pwobableman gen yon kont Legliz pou sit entènèt Legliz la oubyen app Legliz, tankou Tools (Zouti). Ou pa bezwen yon kont separe pou FamilySearch.org. Sou paj pou w konekte a, klike sou Konekte avèk Kont Legliz la.
  • Pou itilize app mobil Family Tree a oubyen app Souvni yo, ou dwe kreye yon kont FamilySearch.
  • Si w chwazi pou w kreye yon kont FamilySearch, itilize etap yo ki sou sit entènèt la.
    • Sou premye ekran an, klike sou kazye a pou endike ke w se manm Legliz la.
    • Antre Nimewo rejis manm ou. Si w pa ka jwenn li, klike sou kazyea, epi apresa, klike sou Kontinye.
  • Pou ajoute nimewo dosye manm ou a sou yon kont ki deja egziste, ale sou Paramèt Kontou a. Sou anba paj la, klike sou Ajoute Nimewo Rejis Legliz.

Atik ki annrapò

Kouman pou m mande pou FamilySearch re-voye yon imèl verifikasyon pou kont mwen an?
Kouman pou m re-voye yon kòd verifikasyon pou aktive kont FamilySearch mwen an?
Kouman pou m kreye yon kont gratis pou yon timoun?
Ki règ ki egziste pou non izaje ak modpas mwen an?
Èske m ka kreye yon kont avèk yon adrès imèl lòt moun pataje?
Kouman pou m ede yon lòt moun kreye yon kont?

moduleTitle