Kouman pou m mande FamilySearch revoye yon imèl verifikasyon pou Kont mwen an?

Share

Dabitid, verifikasyon an rive nan kèlke minit. Okazyonèlman, li pran 1-2 èdtan. Si l pa rive vit, men kèk bagay senp ou ka tcheke:

  • Imèl la sòti nan www.familysearch.org/register/ epi l di nan tit la Konplete Anrejistreman Kont FamilySearch Ou a….
  • Tcheke fichye poubèl (junk) oswa kourye endezirab (spam) ou an. Silvouplè, chèche tèm kont FamilySearch, Konplete Anrejistreman w lan, oubyen toude. Si w jwenn imèl la nan fichye poubèl (junk) la oubyen nan kourye endezirab (spam) ou a, deplase l al nan fichye oubyen bwat postal (inbox) prensipal ou a. Kounyea, ou ka ouvri l epi klike sou lyen aktivasyon an. Lyen pou aktivasyon yo pa travay nan fichye poubèl (junk) oubyen kourye endezirab (spam) la.
  • Tcheke nenpòt lòt kont imèl ou genyen. 
  • Si w te fè yon fot nan adrès imèl ou a, senpleman anrejistre ankò avèk adrès imèl kòrèk la.
  • Si 48 èdtan deja pase depi w te kreye kont ou a, lyen ki nan imèl la pa valid. Anrejistre ankò.
  • Si tan pou anrejistre an toujou ouvri (nan 48 èdtan), klike sou bouton an pou revoye imèl aktivasyon an. Sonje pou w itilize imèl verifikasyon ki pi resan an, paske lyen ki nan lòt imèl yo pa valid.

Si w ka konekte nan kont FamilySearch ou a, silvouplè fè sa. Lè sa a, klike sou non ou nan kwen anwo dwat. Klike Paramèt. epi apresa Kont. Verifye ke opsyon rekiperasyon ou an aktive. (Sinon, ou wè lyen: “Verifye sa a …” ki sou anba Imèl rekiperasyon an.)

Rekiperasyon adrès imèl:

  • Si adrès imèl la pa verifye, ou wè Verifye adrès sa a. Klike sou mo ki gen lyen yo epi li mesaj sa a: “Tanpri Tcheke imèl ou. “Yo te voye yon imèl verifikasyon bay [adrès imèl la a]. Apre nou fin verifye l, nou pral itilize imel adrès sa a pou ede w rekipere enfòmasyon pou w konekte si w ta bezwen sa. Lyen verifikasyon an ap ekspire nan 48 èdtan.”
  • Ou gen opsyon sa yo: Revoye imèl la oubyen Fèmen.
  • Si w kontinye gen nenpòt pwoblèm pou etabli ak aktive kont FamilySearch ou a, pa ezite kontakte FamilySearch.

Atik ki anrapò

Kouman pou m kreye yon kont FamilySearch gratis?
Èske m ka kreye kont avèk yon adrès imèl ki pataje avèk lòt moun?
Kouman pou m kreye yon kont gratis pou yon timoun?

Èske sa te itil?