Kouman pou m ajoute yon manm fanmi nan asandans lan nan Ab Familyal?

Ab Familyal pèmèt ou elaji ab jeneyalojik ou. Pandan w ap ajoute jenerasyon yo, Ab Familyal ka konekte w avèk zansèt ou yo ki deja nan sistèm nan. Itilize konsèy pou jwenn rejis adisyonèl pou fanmi w.

Pou pwoteje lavi prive moun ki vivan, lòt izaje FamilySearch pa ka wè enfòmasyon ou antre sou manm fanmi ki vivan yo.

Etap yo (sit entènèt)

Ab Familyal gen plizyè opsyon afichaj. Ou ka ajoute manm fanm nan nenpòt opsyon afichaj nan Ab Familyal.

Afichaj sou fòm Landscape

  1. Itilize flèch yo pou elaji pyebwa a nan fen yon liy.
  2. Klike sou koneksyon ki apwopriye a pou moun ou vle ajoute a:
    • Pou ajoute yon paran oubyen konjwen, klike sou Ajoute paran oubyen Ajoute Konjwen.
    • Pou ajoute yon pitit, klike sou Pitit anba yon kazye koup, epi apresa klike sou Ajoute Pitit.

Afichaj sou fòm Pòtre (Portrait)

  1. Itilize flèch yo pou w jwenn fen yon liy.
  2. Klike sou Ajoute Paran pou ajoute yon paran.
  3. Pou ajoute yon pitit, itilize afichaj landscape la. Afichaj Portrait a pa montre pitit koup ki nan fèy asandans koup yo.

Gade Premye Zansèt

  1. Jwenn moun ki gen manm fanmi ki manke a (tankou paran, pitit, oubyen konjwen).
  2. Anlè foto moun nan, klike sou + senbòl:
    • Pou ajoute yon pitit, klike sou Ajoute Pitit.
    • Pou ajoute yon konjwen, klike sou Ajoute Konjwen.
    • Pou ajoute yon paran, klike sou Ajoute Paran.

Etap yo (app mobil)

App mobil Ab Familyal la gen 2 opsyon pou gade: graf jenealijik pòtre a oubyen oubyen afichaj fòm evantay la.

  1. Sou graf jenealojik pòtre a, tape flèch yo epi elaji ab jeneyalojik la nan fen yon liy. Tape sou Ajoute Manman oubyen Ajoute Papa.
  2. Pou ajoute yon paran oubyen konjwen, navige al sou yon paj moun epi tape sou Konjwen oubyen tab Paran an. Sou nouvo ekran an, tape sou bouton Ajoute ki apwopriye a.
  3. Pou ajoute yon pitit, navige al sou paran, tape sou tab Konjwen yo, epi tape sou Ajoute Pitit.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

Nan Ab Familyal Senplifye a, ou ka ajoute 4 jenerasyon liy dirèk zansèt ou yo dirèkteman sou yon ekran. Ou ka ajoute plis nan zansèt ak fanmi w yo tou pase sa ekran sa a afiche. Pa egzanp, ou ka ajoute aryè-granparan ak pi lwen toujou. Ou ka ajoute konjwen, pitit, ak pitit-pitit ki nan liy dirèk zansèt ou. Epi, ou ka ajoute paran ak frè ak sè konjwen w oubyen pitit.

  1. Sou tab, Mwen an, jwenn kote moun nan dwe ye a. Oubyen jwenn fanmi ki pi pwòch la epi apresa suiv etap sa yo:
    1. Tape sou non fanmi ki pi pwòch a moun nan. Pa egzanp, pou ajoute paran pou konjwen w, tape sou non konjwen w. Pou ajoute aryè-granparan, tape sou non aryè-granparan ki gen paran ou vle ajoute yo.
    2. Tape sou Gade Fanmi. Ou ka jwenn lyen sa a nan ba ki montre non paran ki anlè paj la.
  2. Tape sou lyen ki apwopriye pou konjwen an epi ajoute konjwen, pitit, oubyen paran pou moun nan.
  3. Antre non, sèks, ak nesans ak enfòmasyon desede. Pa bliye endike si moun nan vivan oubyen desede.
  4. Tape sou Suivan.
  5. Si w te endike ke moun nan vivan, enfòmasyon ou antre a ajoute nan sistèm nan. Oubyen, si ou endike ke moun nan desede, sistèm nan ap chèche pou wè si moun sa a deja nan Ab Familyal.
    • Si Ab Familyal jwenn match ki posib, revize lis la. Si yonn nan moun sou lis la se moun apwopriye a, tape sou Ajuoute Moun anlè non an.
    • Si Ab Familyal pa t jwenn yon parèy, tape sou Kreye Moun ki sou anlè lis la.

Atik ki an rapò

Kouman Ab Familyal pwoteje lavi prive moun ki vivan?
Kouman pou m ajoute fanmi pou yon moun nan Ab Familyal?
Kouman pou m ajoute yon moun ki pa konekte nan Ab Familyal?
Kouman pou m ajoute yon zansèt ki deja nan Ab Familyal nan graf jenealojik mwen?

moduleTitle