Kouman pou m ajoute yon moun ki pa konekte avè m nan Ab a Familyal la?

Ou ka ajoute moun endividyèl ki pa konekte avè w nan linye familyal ou.
 
Ou ta ka ajoute yon moun ki pa konekte avè w ki gen yon lyen parante posib ke w pa ka verifye. Pa egzanp, ou ta ka ajoute moun ki gen menm non fanmi yo epi ki te abite nan menm ti zòn jewografik yo kòm zansèt ou konnen.

Konsèy: Lè w ajoute yon moun ki pa konekte avè w, sa ta itil pou w ta anrejistre nimewo idantifikasyon nouvo rejis la oubyen suiv moun nan pou referans alavni.
Konsèy: Pou w jwenn kontribisyon ou te fè sou sit entènèt la, klike sou Kontribisyon m Yo, apresa sou Chanjman m yo. Klike sou Moun Prive pou w jwenn moun vivan ki pa konekte avè w ke w te ajoute.

Etap yo (sit entènèt)

  1. Pandan w ap konekte nan FamilySearch.org, klike sou Ab Familyal epi seleksyone nenpòt opsyon nan meni-lis depliyann an.
  2. Klike sou Resan yo nan meni ki parèt anlè paj la.
  3. Anba lis eleman resan yo, klike sou Ajoute Moun Ki Pa Konekte.
  4. Antre enfòmasyon konsènan moun nan, epi klike sou Suivan.
  5. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwen moun nan, klike sou Gade Moun.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch la, klike sou Kreye Moun.

Etap yo (app mobil)

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, ouvri lis moun ou te wè resaman yo:
    • Android: Nan anlè-kwen dwat la, tape senbòl ki sanble ak 2 moun nan.
    • Apple iOS: Nan anba ba zouti a, tape Resan.
  2. Glise desann sou anba lis la. Si lis ou a long, rete tann pou lis bagay pou telechaje yo, epi kontinye glise.
  3. Tape Ajoute Moun Ki Pa Konekte.
  4. Antre enfòmasyon konsènan moun nan epi tape Suivan.
  5. Revize rezilta rechèch yo. Si w jwenn moun apwopriye a, tape Ajoute Moun.
  6. Si w pa wè moun nan nan rezilta rechèch yo, tape Kreye Nouvo.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

Aktyèlman, fonksyon pou Ajoute Moun Ki Pa Konekte a pa disponib nan Ab Familyal Senplifye a (Family Tree Lite).

Atik ki an rapò

Kouman pou m ajoute yon manm fanmi an ab jeneyalojik la nan seksyon Ab Familyal la?
Kouman pou m retabli yon rejis pou yon moun ki te efase nan Ab Familyal la?
Kouman pou efase yon moun nan Ab Familyal?
Kouman pou m fizyone diplikata posib yo nan Ab Familyal?

moduleTitle