Ajoute jenerasyon ki vivan yo konekte w avèk zansèt ki desede w yo. Pa egzanp, ajoute paran ki vivan w yo pèmèt ou retounen konekte avèk granparan desede w yo.
Anvan w kòmanse
Pandan w ap antre enfòmasyon sou fanmi ki vivan yo, tanpri suiv direksyon sa yo:
- Pa antre okenn enfòmasyon sou moun ki vivan san pèmisyon yo.
- Pa enkli okenn enfòmasyon ki ta ka konsidere kòm delika. Pou ede ou nan efò sa a, nou dezaktive kèk espas ki ta ka konsidere kòm delika tou. Bagay sa yo se diskisyon, idantifikasyon nasyonal, ras, non kas, non klan, tribi, bar mitzvah, ak afilyasyon relijye.
Pou plis enfòmasyon, tanpri revize akò soumisyon FamilySearch la tou.
Ki kote pou nou ajoute fanmi ki vivan yo
Nou rekòmande bagay sa yo:
- Ab prive (Ab FamilySearch). Si w gen yon ab prive, ajoute ase nan fanmi ou ki vivan pou w ka konekte avèk zansèt ou ki mouri yo. Se sèlman oumenm ki ka wè fanmi ki vivan yo nan ab prive w la.
- Ab gwoup familyal. Si w vle ajoute enfòmasyon sou plis nan manm fanmi ou ki vivan, nou rekòmande pou w fè sa nan yon ab gwoup familyal. La, ou ka kreye yon gwoup familyal pou pataje enfòmasyon an ak ankouraje kolaborasyon ak koneksyon ant manm fanmi ou yo.
Enfòmasyon ki obligatwa
Pou ajoute yon nouvo moun, ou dwe antre omwen yon prenon oswa siyati, endike sèks moun nan, epi tcheke desede oswa vivan.
Etap (sit entènèt)
- Pandan w konekte nan FamilySearch.org, klike Ab Familyal, epi apresa klike Ab
- Si nesesè, itilize switch meni-dewoulan an sou anwo-dwat la pou seleksyone afichaj ab ke w vle itilize a. Apresa kontinye piba a avèk etap ki nan seksyon ki koresponn ak afichaj ab ou a.
- Ab gwoup familyal yo pa ka afiche kounye a nan itilize afichaj Premye Zansèt la, afichaj Desandans lan, oswa afichaj tablo Pòtrè a.
Afichaj Peyizaj, Tablo Pòtrè, ak Desandans
- Klike sou non yon manm fanmi imdeyat.
- Nan detay ki parèt yo, klike sou non moun nan ankò.
- Klike sou tab Detay la.
- Glise al nan seksyon Manm Fanmi an.
- Klike sou lyen apwopriye (Ajoute Konjwen, Ajoute Pitit, oswa Ajoute Paran) an.
- Itilize tab apwopriye a pou ajoute moun nan:
- Dapre Non. Antre detay yo, klike Vivan, apresa klike Pwochen. Verifye enfòmasyon an epi klike Kreye moun.
- Apati Ab FamilySearch. Klike sou tab sa a pou kopye yon moun soti nan ab prive w la ale nan yon ab gwoup familyal. Apresa klike sou non moun nan. (Opsyon sa a disponib lè w ap ajoute yon moun nan yon ab gwoup familyal.)
- Dapre Nimewo ID . Si ou konnen nimewo ID moun nan, epi si moun lan nan ab prive w la oswa yon ab gwoup familyal ke w fè pati, klike sou tab sa a, antre nimewo ID a, epi klike Pwochen.
Afichaj Pòtre
- Itilize flèch yo pou elaji ab la pou montre moun nan ki manm fanmi w ke w vle ajoute.
- Ouvri opsyon ajoute ki apwopriye a:
- Paran. Klike sou senbòl ^ ki anwo mozayik moun nan. Apresa klike Ajoute Papa oswa Ajoute Manman.
- Timoun, konjwen, oswa frè ak sè. Klike sou + ki sou foto moun nan epi seleksyone opsyon ki apwopriye a. (Pou ajoute yon frè ak sè, moun nan dwe lye ak yon paran toudabò.)
- Klike sou tab ki apwopriye a pou ajoute moun nan:
- Dapre Non. Antre detay yo, klike Vivan, apresa klike Pwochen. Verifye enfòmasyon an epi klike Kreye moun.
- Apati Ab FamilySearch Klike tab sa a pou kopye yon moun soti nan ab prive w la ale nan yon ab gwoup familyal. Apresa klike sou non moun nan. (Opsyon sa a disponib lè w ap ajoute yon moun nan yon ab gwoup familyal.)
- Dapre Nimewo ID. Si ou konnen nimewo ID moun nan, epi si moun lan nan ab prive w la oswa yon ab gwoup familyal ke w fè pati, klike sou tab sa a, antre nimewo ID a, epi klike Pwochen.
Afichaj Premye Zansèt
- Jwenn moun ki gen manm fanmi vivan ke w vle ajoute yo.
- Anlè foto moun nan, klike senbòl + la:
- Pou ajoute yon pitit, klike Ajoute Pitit.
- Pou ajoute yon konjwen, klike Ajoute Konjwen.
- Pou ajoute yon paran, klike Ajoute Paran.
- Klike tab ki apwopriye a pou ajoute moun nan:
- Dapre Non. Antre detay yo, klike Vivan, apresa, klike Pwochen. Verifye enfòmasyon an epi klike Kreye moun.
- Dapre Nimewo ID. Si ou konnen nimewo ID moun nan, epi si moun lan nan ab prive w la oswa yon ab gwoup familyal ke w fè pati de li, klike tab sa a, antre nimewo ID a, epi klike Pwochen.
Etap (app mobil)
- Ouvri nan app mobil Ab Familyal la.
- Si nesesè, chanje ale nan ab la kote w vle ajoute moun nan.
- Navige ale nan paj Moun yon manm fanmi moun ki vivan an.
- Tape tab (Konjwen pou konjwen ak pitit oubyen Paran pou paran epi frè ak sè) ki apwopriye a.
- Tape lyen (Ajoute Pitit, Ajoute Konjwen, Ajoute Paran, oubyen Ajoute Frè ak Sè) ki apwopriye a.
- Antre enfòmasyon sou moun nan, epi apresa tape Kontinye.
- Endike ke moun nan Vivan.
- Antre nenpòt enfòmasyon nesans, epi apresa tape Kontinye.
- Tape Ajoute oubyen Ajoute Moun Sa a.
Etap (Ab Familyal Senplifye)
- Nan Ab Familyal Senplifye, navige ale sou paj pèsonèl manm fanmi moun ki vivan an.
- Klike Afichaj Fanmi.
- Klike koneksyon (Ajoute Konjwen, Ajoute Pitit, Ajoute Paran, oubyen Ajoute Frè ak Sè) ki apwopriye a.
- Antre Efòmasyon konsènan moun nan. Endike ke li vivan.
- Klike Suivan.
Atik ki an rapò
Avi sou Konfidansyalite FamilySearch
Èske m ka ajoute souvni konsènan fanmi m ki vivan nan Ab Familyal?
Kijan Ab Familyal pwoteje vi prive moun ki vivan yo?
Kiyès ki ka wè fanmi m ki vivan yo nan Ab Familyal?
Kijan pou m chanje stati soti desede a vivan nan Ab Familyal?
Kijan pou m fizyone diplikata posib yo nan Ab Familyal?