Jeneyaloji
Jeneyaloji FamilySearch se yon gwo repètwa ab jeneyalojik, ki rekonèt kòm linyaj oswa desandans tou, ke moun ak òganizasyon te pataje avèk FamilySearch. Nou òganize enfòmasyon an an koleksyon epi nou rann li disponib pou w fè rechèch.
Eksplore youn nan koleksyon nou yo
Andedan yo w ap jwenn dè milyon abjeneyaloji familyal ke moun ak òganizasyon pwofesyonèl yo te soumèt.
Chèche jwenn yon abjeneyalojik espesifik
Kite nou ede w jwenn abjeneyalojik w ap chèche a. Antre yon siyati oswa yon kote ki asosye avèk fanmi an, epi n ap chèche jwenn li nan tout koleksyon nou yo.
Kominote Ab Jeneyalojik
Yon efò pou rasanble ak pibliye jeneyaloji pou yon vilaj oswa yon kominote annantye. Sa yo se ab familyal, ansanm avèk sous yo, ki soti nan peryòd tan ak lye jeyografik espesifik nan tout mond lan.
Jeneyaloji Oral
Lineyaj ak istwa oral ki soti toiut kote nan mond lan, espesyalman an Afrik ak Oseyani. FamilySearch prezèrve fichye odyo yo epi l kreye yon ab familyal apati kontni li.
Guild of One-Name Studies (Asosyasyon pou Etid Yon-Non Inik)
Yon pwojè ki konsantre sou siyati espesifik ak moun ki te pote yo.
Ab Òdinatè Jenere
Yon koleksyon ab familyal ki kreye pa yon òdinatè. Òdinatè a entèprete rejis istorik yo pou konstwi yon ab pou yon kote ak yon peryòd tan patikilye.
MyTrees.com
Yon koleksyon ab familyal fèmen ki te kreye pa itilizatè sit MyTrees.com yo avan 2020.
RootsFinder
Yon koleksyon ab familyal k ap grandi ki te kreye pa itilizatè yo nan RootsFinder. Yo ajoute nouvo enfòmasyon regilyèman nan koleksyon sa a.
American Ancestors (Zansèt Ameriken)
Ab Familyal te kreye pa itilizatè sit AmericanAncestors yo. Koleksyon sa a genyen jeneyaloji ki gen gwo koneksyon avèk rejyon Nouvèl Angletè nan Etazini an.
Fichye Resous Asandans
Yon koleksyon fichye GEDCOM k ap grandi avèk dè santèn milyon non. Si ab familyal ou twouve l nan yon fichye GEDCOM, tanpri konsidere pataje l avèk FamilySearch pou lòt moun ka fè rechèch nan kontni li yo.
Fichye Ansestral
Yon koleksyon ab familyal ak lòt enfòmasyon fèmen ki te soumèt nan FamilySearch avan 2003. Chèche nan done ki pa endekse sa a lè gen plis enfòmasyon kouran ki pa disponib.
Kijan Jeneyaloji FamilySearch la diferan de Ab Jeneyalojik FamilySearch la ?
Jeneyaloji yo se yon bazdone plizyè dizèn milye abjeneyalojik , lineyaj, ak istwa pèsonèl. Abjeneyalojik FamilySearch la, pa konparezon, se yon grenn abjeneyalojik oswa lineyaj pou tout fanmi imèn nan.