Fè nouvo dekouvèt gras ak Full-Text Search
Chèche andedan rejis istorik ki pa endekse pou dekouvri non, dat ak enfòmasyon ke rechèch nòmal yo pa ka jwenn.
Chèche jwenn yon koleksyon espesifik
Limite rezilta rechèch la nan w chèche andedan yonsèl koleksyon rejis istorik. Kòmanse ekri epi na va sigjere w tit ki matche.
Konsèy pou fè rechèch full-text ki bay bon rezilta
Twòp rezilta? Eseye estrateji sa yo pou konsantre rechèch ou a:
Jwenn yon mo oswa yon fraz
Itilize pwen entèwogatif. Egzanp: “Henry Jones”
Mete yon mo oswa yon ekspresyon espesifik
Itilize senbòl + la. Egzanp: +Judith
Retire yon mo oswa ekspresyon espesifik
Itilize senbòl - la. Egzanp: -John
Jwenn yon òtograf ki diferan
Itilize senbòl ? la. Egzanp: Jens?n ap tounen Jensen ak Jenson
Jwenn fòm diferan rasin yon mo
Itilize senbòl * la. Egzanp: Car* ap koresponn ak car, cars, carriage, carpenter, etc.
Kijan pou itilize FamilySearch Full-Text Search
Nan pifò ka yo, yonsèl mo-kle sifi pou kòmanse. Apresa, daprè rezilta w yo, ajoute oswa retire mo oswa aplike filtè pou limite rechèche ou a.
Make mo-kle w yo
Se ka yon non oswa nenpòt lòt detay ou kwè ki ka ede w jwenn zansèt ou a.
Aplike filtè yo pou plis presizyon
Yo sitye sou bò goch ekran an, anba tèm rechèch ou yo.
Revize rezilta w yo
Ajiste filtè oswa mo-kle yo jiskaske ou gen bon ekilib la ant kalite ak kantite.
Kijan Full-Text Search ap transfòme rechèch ou a
Ekonomize tan pandan w ap dekouvri detay ki pa disponib pou w ak lòt rechèch.
Jwenn aksè bonè nan rejis yo nan chèche nan koleksyon ki poko endekse.
Ou pa sèten kijan zansèt ou a te rele? Eseye yon kote, yon dat, yon evènman oswa lòt detay toujou ki ka etabli yon koneksyon avèk yo.
Chèche chak mo ki nan dokiman an, enkli nenpòt nòt (kòmantè).