Resous sou entènèt pou sant FamilySearch yo

Sit entènèt sa yo bay èd valab pandan w ap sèvi nan yon sant FamilySearch.

  • FamilySearch.org se sit entènèt istwa familyal Legliz la. Lang ou wè a depann de paramèt ki nan reglaj lang konpitè a oswa navigatè a. Ou ka chwazi yon lang diferan sou anba paj la.
  • Resous pou Èd la fè pati sit entènèt FamilySearch la. Itilize l pou w prepare eksperyans istwa familyal ki pèsonalize pou vizitè yo. Itilize resous ki la a pandan w ap aprann kouman pou w vin yon konsiltan efikas. Eksplore resous ak zouti aprantisaj yo.
  • Galri Solisyon FamilySearch la bay lis pwodui tyès -pati ki travay avèk FamilySearch. Kèk nan pwodui sa yo gratis Kèk lòt gen yon pri. Ou ka li detay konsènan chak pwodui pou w wè kouman l travay avèk FamilySearch.
  • Rechèch Wiki FamilySearch la se yon gid jenealoji ak istwa familyal gratis sou entènèt. Wiki bay strateji pou rechèch ak sijesyon pou rejis ak resous ki soti nan tout mond la. Wiki se yon resous ki ede w jwenn resous ki disponib pandan w ap ede vizitè yo chèche fanmi yo.
  • Pòtay Sant FamilySearch bay aksè nan resous sou itwa familyal, enkli sit entènèt ki peye. Envite yo ka itilize pòtay la sèlman nan konpitè sant yo. Sit Entènèt sa a se an Anglè sèlman l ye.
  • Pou telechaje lojisyèl jesyon byenak lòt lojisyèl pou yon konpitè nan sant lan, ale sou FamilySearch Support Tools (Zouti Sipò FamilySearch). Nan pòsyon ki anba dwat ekran an, klike sou FHC Tools (Zouti CHF).
  • BYU Print and Mail ap pèmèt ou kòmande materyèl FamilySearch ak istwa familyal ki apwouve pou sant lan. Itilize materyèl yo nan objetif pou ede moun. Atik ki disponib yo genyen bwochi, kat kontak, ak kat enfòmasyon konsènan sant lan.
  • Magazen Anliy Legliz la gen bwochi Fanmi M nan ak lòt resous istwa familyal.
  • Resous Sant FamilySearch yo ofri resous ki ede w jere yon sant FamilySearch.
  • Sant Èd FamilySearch la se yon kote w ka chèche èd pandan w ap itilize sit entènèt FamilySearch la.

Atik ki an rapò

Kouman pou m aprann vin yon èd oubyen aprann osijè apèl mwen kòm konsiltan tanp ak istwa familyal?
Kijan pou m jwenn pwodui lòt patnè yo?
Kisa rechèch Wiki FamilySearch la ye?
Itilize Pòtay Sant FamilySearch la
Kòmanse yon sesyon Kontwòl a distans avèk Sipò FamilySearch
Afich pou sant FamilySearch yo
Resous sant FamilySearch yo disponib nan Sèvis Distribisyon yo
Paj resous sant FamilySearch yo nan churchofjesuschrist.org
Gid Fonksyonman pou Sant FamilySearch yo

Èske sa te itil?