Kouman pou m korije relasyon paran-pitit nan Ab Familyal?

Korije relasyon paran-pitit sa jeneralman mande kèk analiz anvan w kòmanse. De kalite pwoblèm ka egziste: rejis ki diplikata oubyen lyen relasyon enkòrèk.

Si w fè yon erè pandan pwosesis sa, pa enkyete w. Ou ka defèt nenpòt chanjman w te fè si w ale nan fonksyon Chanjman pi Resan yo.

Lè w retire rejis yon timoun nan rejis familyal yo, rejis timoun nan rete nan  Ab Familyal. Si timoun nan lye avèk konjwen ak pitit, l ap rete lye avèk yo. Menmjan an tou, lè w retire paran yo nan relasyon avèk yon pitit, rejis Ab Familyal pou chak paran yo rete nan Ab Familyal.

Anvan w kòmanse

Pran kèk tan pou w dekouvri kisa ki pa mache a:

  • Si pitit la pa pou fanmi an, retire oubyen ranplase lyen pitit la avèk paran yo. Kontinye li atik sa a pou w aprann kijan.
  • Si pitit la se pitit kòrèk la epi youn oubyen toude paran yo se pa paran kòrèk yo, ou dwe retire oubyen ranplase paran ki pa kòrèk la. Retire oubyen ranplase konjwen paran ki kòrèk la . 
  • Si w wè paran yo ak pitit yo plizè fwa, oubyen nan plizè fanmi, gade nimewo ID ki sou diplikata yo.
    • Si nimewo ID yo diferan, fizyone rejis ki se diplikata yo
    • Si nimewo ID yo idantik, pitit la lye a yonn nan paran yo plis pase yon sèl fwa. Itilize enstriksyon yo ki nan atik sa a pou w retire relasyon anplis la.

Konsèy: Ekri non ak nimewo ID yo pou moun w ap chanje relasyon yo a. Kounyea, ou ka defèt yon chanjman.

Etap yo (sit entènèt)

Men etap pou w retire oubyen ranplase yon timoun nan yon fanmi nan w itilize Ab Familyal sou sit entènèt FamilySearch.org la:

  1. Sou anlè meni an, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Chèche pitit ki gen paran enkòrèk la.
  3. Klike sou nonmoun nan. Nan detay ki parèt yo, klike sou non non moun nan ankò. Y ap dirije w nan paj moun sa a.
  4. Klike sou tab Detay la.
  5. Klise sou seksyon Manm Fanmi .
  6. Anba Paran ak Frè ak Sè, jwenn non pitit la, epi klike sou senbòl Editea.
  7. Si se yon sèl paran ki enkòrèk, klike sou Reretire oubyen Ranplase bòkote paran ki pa kòrèk la. Si toude pa kòrèk, klike sou Retire oubyen Ranplase bòkote pitit la.
  8. Yon kazye Retire oubyen Ranplase ap parèt. Verifye relasyon, sous, ak nòt yo, apresa klike sou kazye a.
  9. Fè youn nan bagay sa yo:
    1. Pou retire yon paran oubyen paran yo, klike sou bouton Retire ki apwopriye a. Eksplike poukisa, epi apresa klike sou Retire.
    2. Pou ranplase yon paran oubyen paran yo, klike sou bouton Ranplase ki apwopriye a. Ekran Ranplase Moun nan ap parèt.
      • Si w konnen nimewo ID yon paran, klike sou Dapre Nimewo ID. Antre nimewo ID a, epi apresa, klike sou Suivan. Klike sou Ajoute Match.
        • Si w vle ajoute toude paran yo, klike sou Selesyone Koup.
        • Pou ajoute yon paran, klike sou Seleksyone Moun. Eksplike rezon w pou chanjman an, epi apresa klike sou Ranplase.
      • Si w konnen nimewo ID paran an, konplete espas rechèch la, epi apresa klike sou Suivan.
        • Si moun oubyen koup kòrèk la parèt sou lis la, klike sou Ajoute Match. Si w vle ajoute toude paran yo, klike sou Seleksyone Koup, Pou ajoute yon paran, klike sou Seleksyone Moun. Eksplike rezon w pou chanjman an, epi apresa klike sou Ranplase.
        • Si w pa wè onkenn match, klike sou Kreye Moun pou w kreye yon rejis paran.

Etap yo (App pou aparèy mobil)

Men etap pou retire oubyen ranplase yon pitit nan yon fanmi pandan w ap itilize app mobil Ab Familyal la:

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, navige al nan paj Moun nan ki gen paran enkòrèk yo.
  2. Tape sou tab Paran an.
  3. Jwenn non pitit la, epi tape sou senbòl editea.
    1. Si yon sèl paran enkòrèk, tape sou flèch rale desann nan pou paran an, epi tape oubyen Retire oubyen Ranplase Papa  oubyen Retire oubyen Ranplase Manman.
    2. Si toude paran yo pa kòrèk, tape Retire Paran.
  4. Yon nouvo fenèt ap parèt. 
    1. Pou retire yon paran oubyen paran yo, tcheke kazye ki di ke w te revize relasyon yo, epi tape Kontinye. Eksplike poukisa, epi apresa tape Retire.
    2. Pou ranplase yon paran, tcheke kazye ki di ke w te revize relasyon yo, epi tape sou Ranplase. Ekran Ranplase Moun nan ap parèt.
      • Si w konnen nimewo ID yon paran, tape Ajoute dapre ID. Antre nimewo ID a, epi apresa tape Kontinye. Tape Seleksyone. Eksplike poukisa enfòmasyon an kòrèk, epi apre tape Ranplase.
      • Si w pa konnen nimewo ID paran an, konplete espas rechèch la, epi apresa tape Kontinye.
        • Si moun ki kòrèk la parèt sou lis la, tape Seleksyone.  Eksplike rezon pou chanjman w nan, epi tape Ranplase.
        • Si paran an pa parèt, Pa Matche. Eksplike rezon pou chanjman w nan, epi tape Ranplase.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

Men etap pou retire oubyen ranplase yon pitit nan yon fanmi lè w itilize Ab Familyal Senplifye a:

  1. Konekte sou Family Tree Lite (Ab Familyal Senplifye) a nan (lite.fs.org).
  2. Navige al nan paj Moun nanun avèk paran ki pa kòrèk la.
  3. Anba non endividi a, tape Gade Fanmi.
  4. Anba paran ak Frè ak Sè, chèche non pitit la, epi tape sou senbòl Edite a.
  5. Si yon sèl paran pa kòrèk, tape sou Retire oubyen Ranplase anba non paran enkòrèk la. Si toude paran yo pa kòrèk, tape sou  Retire oubyen Ranplase anba non pitit la.
  6. Fè youn nan bagay sa yo:
    1. Pou retire yon paran oubyen paran yo, tape bouton Retire ki apwopriye a. Antre yon rezon epi tape Retire.
    2. Pou retire yon paran oubyen paran yo, tape bouton Ranplase ki apwopriye a. Ekran Ranplase Moun nan parèt
      • Si w konnen nimewo ID yon paran, klike sou Chèche Nimewo ID a, antre nimewo ID a, epi apresa tape Suivan. (FamilySearch Lite pa ajoute tirè oubyen lèt majiskil ki nan ID a. Antre l alamen) Tape Ajoute Moun oubyen Ajoute Koup.
      • Si w pa konnen nimewo ID yon paran, konplete espas rechèch la, epi apresa tape Suivan. Si moun oubyen koup ki kòrèk la parèt sou lis la, tape Ajoute Moun oubyen Ajoute Koup. Otreman, pou w kreye rejis yon paran, tape Kreye Moun

Etap suivan ki rekòmande yo

Retire oubyen chanje relasyon paran-pitit la pa retire ni chanje relasyon koup paran yo. Si manman oubyen papa a pa kòrèk, ou dwe retire oubyen ranplase yonn nan konjwen yo.

Atik ki gen relasyon

Kouman pou m presize relasyon biolojik, alyans, adoptif, ak de-pasaj (tanporè) nan Ab Familyal?
Kouman pou m wè ki chanjman ki te fèt konsènan yon moun nan Ab Familyal?
Kouman pou m fizyone diplikata ki te ka fèt nan Ab Familyal?
Yon moun nan Ab Familyal gen yon konjwen ki se pa bon konjwen an.
Menm pitit la parèt plizyè fwa nan yon fanmi nan Ab Familyal

moduleTitle