Kouman pou m fizyone diplikata posib nan Ab Familyal?

Rejis diplike rive lè Ab Familyal gen plis pase yon rejis konsènan yon moun. Si Ab Familyal jwenn yon diplikata, espas Èd pou Chèche a montre yon pwen eksklamasyon wouj ak mo "Diplikata Posib."
        
Ou ka revize diplikata posib yo epi deside si yo konsène menm moun nan. 

  • Si yo konsène menm moun nan, fizyone yo. 
  • Si yo konsène diferan moun, make yo kòm "pa parèy"
  • Si w pa konnen, pa fizyone yo. Fè yonn nan aksyon sa yo:
    • Anile fizyon an. Diplikata a disponib pou lòt izaje yo wè ak revize. 
    • Make rejis la kòm pa parèy. Lòt moun pa wè diplikata posib la. 

Etap (website)

  1. Nan Ab Familyal, afiche paj yon moun.  
  2. Si seksyon detay la pa afiche, klike sou Detay
  3. Nan seksyon Èd pou Rechèch la, klike sou yon mesaj Diplikata Posib
  4. Klike souRevize Fizyon. Ekran fizyon an ouvri. 
    • Kote goch se diplikata posib la. Yon fizyonefase rejis la. 
    • Kote dwat se rejis ou te kòmanse a. Yon fizyon sovgade rejis la. 
  5. Deside si rejis la konsène menm moun nan. 
    1. Konpare kote goch ak dwat la. Chèche non, dat, lokalite ak manm fanmi ki koresponn yo. 
    2. Li nenpòt mesaj avètisman ki sou ekran an.  
    3. Si rejis ki agoch la se sa ki pi kòrèk la, klike sou Chanje pou kenbe l pito. 
    4. Si rejis yo pa konsène menm moun nan, klike sou Pa Koresponn. Si w gen dout, klike sou Retounen. Si rejis yo konsène menm moun nan, klike sou Wi Kontinye, epi kontinye avèk etap 6.
  6. Deside ki enfòmasyon pou w kenbe.
    1. Pou konpare kontribitè, dat kontribisyon, ak rezon deklarasyon pou chak moso enfòmasyon, klike sou flèch ki desann nan.
    2. Pou w retounen enfòmasyon al sou dwat, klike sou Defèt. Enfòmasyon an retounen al nan diplikata ki posib la.
    3. Pou ranplase enfòmasyon sou dwat avèk enfòmasyon sou goch, klike sou Ranplase. Itilize l, paregzanp, pou sovgade istwa lavi oubyen yon deklarasyon pou rezon.  
    4. Si kote goch la gen enfòmasyon ki pa sou kote dwat la, epi w vle sovgade l, klike sou Ajoute.
  7. Klike sou Kontinye
  8. Fini fizyon an: 
    1. Revize rejis ki rete yo 
    2. Antre rezon pou fizyon an. Ou ka klike sou yonn nan deklarasyon rezon ki sijere yo oubyen antre deklarasyon pa w.
    3. Si tout bagay parèt kòrèk, klike sou Fini Fizyon an. Si yon bagay pa kòrèk, klike sou Retounen, epi fè koreksyon yo sou ekran ki te anvan an. 
    4. Klike sou Fini Fizyon.

Imedyatman apre fizyon an epi pou yon ti tan, yon opsyon “defèt” ap disponib. Klike pou w fizyone 2 rejis yo. 

Etap (App mobil)

  1. Nan app Ab Familyal la, afiche paj yon moun. 
  2. Nan anlè kwen dwat la, tape sou 3 pwen yo, epi apresa, tape sou Diplikata Posib
  3. Yon lis diplikata posib parèt. Si w wè plis pase yonn, tape sa w vle travay avèk li a.  
  4. Tape sou Revize Fizyon
  5. Li avètisman an, epi tape sou Kontinye Fizyon. Ekran fizyon an parèt 
    • Kote goch se diplikata posib la. Yon fizyon efase rejis la. 
    • Kote dwat se rejis ou te kòmanse a. Yon fizyon sovgade rejis la. 
  6. Deside si rejis la konsène menm moun nan. 
    • Konpare kote goch ak dwat la. Chèche non, dat, lokalite ak manm fanmi ki koresponn yo. 
    • Si rejis sou kote goch la se sa ki pi kòrèk la, klike sou Chanje pozisyon pou w kenbe l pito. 
  7. Glise al sou anba. Si rejis yo pa diplikata, tape sou Pa Parèy. Otreman, tape sou Wi, Kontinye, epi kontinye avèk etap suivan an.
  8. Deside si w dwe kenbe nenpòt enfòmasyon nan moun w ap efase a. 
    1. Pou w deplase enfòmasyon sòt nan goch al nan dwat, tape sou Ranplase
    2. Pou w ajoute enfòmasyon sòt nan goch al sou dwat, tape sou  Ajoute
    • Èd: Si rejis sou kote goch la gen paran, konjwen, oubyen pitit diplike, ajoute yo sou rejis ki rete a. Ou ka fizyone diplikata sa yo pita.  
  9. Lè w fini, glise desann nan fen paj la, epi tape sou Kontinye. (Ou gen yon lòt opòtinite tou pou w tape sou Pa Parèy si w deside yo 2 a pa parèy). 
  10. Antre rezon an epi eksplike rezon ki fè ou fizyone rejis yo. 
  11. Tape sou Fizyone.

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Kounyea, Family Tree Lite sèlman afiche diplikata posib yo epi l pa otorize fiayon. 

Etap suivan ki rekòmande yo

  1. Si w gen plizyè tab ki ouvri, rafrechi ekran navigatè w la pou w wè rezilta fizyon an.  
  2. Retire sous oubyen souvni ki ki pa kòrèk nan rejis ki rete a. 
  3. Revize manm fanmi moun nan, epi chèche diplikata posib yo.  

Atik ki gen rapò

Poukisa melanj pa mache nan Ab Familyal?
Kouman pou m deside si de rejis nan Ab Familyal konsène menm moun nan?
Kouman pou m defèt yon melanj nan Ab Familyal?
Kouman pou m fizyone diplikata nan Ab Familyal dapre ID?

moduleTitle