Kouman pou m gade relasyon m avèk yon moun nan Ab Familyal?

Share
0:00 / 0:00
videoCompanion
Using the View Relationship Feature in Family Tree


nullAfichè relasyon an kalkile relasyon ou avèk yon moun nan Ab Familyal epi li montre yon tablo ki montre fanmi dirèk ant oumenm avèk moun nan. Nan tèt tablo a, ou ka wè relasyon ou, tankou Grann mwen oswa Premye Kouzen mwen. Si yo pa t jwenn okenn relasyon, afichè a montre "Relasyon Enkoni."

Etap yo (sit entènèt)

Afichaj Paysage, Portrait, Fan Chart (fòm Evantay), ak Desandans

  1. Nan meni anlè adwat la nan logo FamilySearch la, klike sou Ab Familyal, epi apresa, klike sou Ab.
  2. Chèche moun nan ke ou vle wè relasyon ou avèk li a.
  3. Klike sou non moun nan. Nan detay ki parèt yo, klike sou non moun nan ankò.
  4. Sou banyè non an, klike Gade Relasyon.
  5. Pou rale l vini oubyen ale, klike sou + oswa -.
  6. Si ou wè yon moun nan meni Afiche Relasyon ke ou vle wè nan Ab Familyal la, klike sou non an.
  7. Pou w wè konjwen moun ki sou chemen parante a, klike sou Montre Mari/Madanm.

Gade Premye Zansèt

  1. Nan meni anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab
  2. Jwenn moun nan ke ou vle wè relasyon ou avèk li a.
  3. Klike sou non moun nan. Yon fèy ap ouvri sou yon bò.
  4. Nan kazye non an, klike sou Gade Relasyon.
  5. Pou montre mari/madanm chak moun nan tablo a, klike sou Montre Mari/madanm. Klike sou menm opsyon an ankò pou retire mari/madanm nan tablo a.
  6. Pou montre yon moun sou tablo a nan Ab Familyal, klike sou non an. Apre sa, klike sou swa Moun oswa Ab.
  7. Pou zoom ale vini, klike sou + oswa -.

Etap (aplikasyon mobil)

  1. Ouvri paj Detay Moun nan pou yon zansèt.
  2. Nan anlè kwen-dwat la, tape sou 3 pwenyo.
  3. Tape sou Gade Relasyon Mwen.

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Ab Familyal Senplifye a pa montre relasyon ou avèk yon moun nan Ab Familyal. Tanpri, itilize vèsyon sit entènèt la pito.

Atik ki gen rapò.

Kijan pou m wè relasyon m avèk yon moun nan Souvni?
Kijan afichè relasyon an nan Ab Familyal detèmine si m gen lyen parante avèk yon moun?

Èske sa te itil?