Kòman pou m envite moun rantre nan yon gwoup familyal?

Share

Toudabò, kreye yon gwoup familyal. Apresa, kòm yon administratè gwoup, envite jiska 99 moun pou yo antre nan gwoup la.

Lè w envite yon moun antre nan yon gwoup, FamilySearch kreye yon lyen ke w voye bay youn oswa plis destinatè atravè itilizasyon imel, yon gwoup kozri, WhatApp, yon gwoup medya sosyal, eksetera. Pou antre ladan, destinatè a ap klike sou lyen an, konekte nan FamilySearch, epi suiv enstriksyon yo bay anliy yo.

Lyen pou antre nan gwoup yo pa ekspire. Si yon lyen pa ta dwe itilize ankò, yon administratè gwoup ka efase li.

Anvan w kòmanse

Si gwoup familyal la gen yon ab gwoup familyal, nou dwe ajoute chak moun ki envite nan gwoup la toudabò.

Etap (sit entènèt)

  1. Nan FamilySearch.org, klike sou non ou.
  2. Klike sou Gwoup Familyal.
  3. Klike sou Gade Gwoup.
  4. Klike sou Envite.
  5. Si w konnen adrès imel moun nan, ou ka voye envitasyon an nan fason sa a:
    1. Klike sou Imel.
    2. Nan pwogram mesajri imel ou a, antre adrès imel moun pou w envite a, epi voye envitasyon an. Apre destinatè a fin aksepte envitasyon an, non an parèt sou yon lis pou apwouve.
  6. Ou ka voye yon lyen bay moun nan.
    1. Klike sou Kopye Lyen. Yon lyen parèt.
    2. Klike sou Kopye.
    3. Kole lyen an nan nenpòt chèn kominikasyon anliy ke w pataje avèk moun w ap envite a.
  7. Tann pou destinatè a aksepte envitasyon an.
  8. Apwouve demann pou l antre a nan gwoup la:
    1. Ouvri gwoup la.
    2. Chèche moun k ap tann pou l apwouve a. Sa ap parèt ant seksyon Derape a ak flo gwop la.
    3. Klike sou Apwouve.

Etap (aplikasyon mobil)

  1. Nan aplikasyon mobil Ab Familyal la, tape sou 3 senbòl liyyo. Sou ekran ki parèt la, ouvri fonksyon Gwoup Familyal la:
    • Apple iOS—anba adwat
    • Android—anlè agoch
  2. Tape sou Gwoup Familyal.
  3. Chèche yon gwoup ke w se administratè ladan l, epi tape sou Gade Gwoup.
  4. Anlè lis manm yo, tape sou senbòl mounnan.
  5. W ap wè yon lis kontak ansanm ak plizyè fason pou w voye yon envitasyon. Tape sou yon moun oubyen sou yon metòd envitasyon.
  6. Voye envitasyon an.
  7. Lè moun nan aksepte envitasyon an, non an ap parèt nan gwoup la pou apwobasyon.
  8. Apwouve demann pou antre nan gwoup la:
    1. Ouvri gwoup la.
    2. Chèche moun ki ap tann pou l apwouve a.
    3. Tape sou Apwouve.
    4. Tape sou Apwouve ankò.

Atik ki an rapò.

Kisa gwoup familyal FamilySearch yo ye?
Kòman pou m kreye yon gwoup familyal?
Kòman pou m rantre nan yon gwoup familyal?
Kòman pou m retire yon moun nan yon gwoup familyal?

Èske sa te itil?