Diplikata ak ab gwoup familyal

Share

Lè w kopye yon moun apati lis prive w la, w ap kreye fichye an diplikata, e sa OK.

Moun ou ajoute yo gendwa deja egziste nan ab prive yon lòt itilizatè. Kòm ou pa ka wè ab prive sa a, epi, paske fonksyon rechèch Ab Familyal la pa enkli moun ki vivan nan rezilta rechèch sa yo, ou p ap kapab konnen sa.

Kijan ab gwoup familyal yo ka redui pwoblèm diplikata a alontèm

Avèk letan, nou espere ke itilizatè FamilySearch yo ap ka ajoute mwens kantite moun vivan nan ab prive yo ak plis nan ab gwoup familyal yo. Lè fonksyon ab gwoup familyal la disponib, nou rekòmande pou w ajoute jis ase zansèt ou ki vivan nan ab prive w la ke w ap ka konekte avèk zansèt ki desede w yo.

Si ab prive w la gen plizyè lòt manm fanmi ki vivan, nou rekòmande pou w deplase enfòmasyon sa a pou al mete l nan yon ab gwoup familyal. Atravè letan, sa pral redui kantite diplikata ki nan ab yo. Sa pral pèmèt tou pou yon pi gran kantite itilizatè mete pwofil ab yon moun ajou.

Èske m ka fizyone diplikata ki nan ab gwoup familyal mwen yo?

Wi. Ou ka fizyone diplikata yo si yo nan menm Ab Gwoup Familyal la. Itilize fonksyon Fizyone selon Nimewo Idantifikasyonan.

Èske m ka fizyone diplikata ki nan plizyè ab diferan?

Non. Diplikata yo dwe nan menm ab gwoup familyal la oubyen nan menm ab prive a.

Atik ki gen rapò.

Fizyone fichye ki an diplikata pou moun vivan ak konfidansyèl nan Ab Familyal

Èske sa te itil?