Kouman pou m mande pou yo revoye yon kòd verifikasyon pou aktive kont FamilySearch mwen an?

Lè w anrejistre pou yon kont FamilySearch.org, ou ka itilize nimewo mobil ou a pou verifye idantite w ak aktive kont ou a. FamilySearch voye yon mesaj tèks ba ou avèk yon mesaj ki gen yon kòd verifikasyon 6-karaktè. Si w pa resevwa kòd la, verifye ke nimewo telefòn mobil ou te ekri a kòrèk. Lè w fin korije nimewo a, ou ka mande yon nouvo kòd verifikasyon.

Verifye nimewo mobil ou a

  1. Konekte nan FamilySearch.org
  2. Sou anlè kwen dwat la, klike sou non w, apresa sou Paramèt.
  3. Verifye ke nimewo telefòn mobil la kòrèk. Si l kòrèk, klike sou Edite, epi fè chanjman ki nesesè yo.
  4. Klike sou Sovgade.

Revoye yon kòd verifikasyon

Si nimewo mobil ou a kòrèk, ou ka mande yon nouvo verifikasyon mesaj tèks pou aktive kont ou a. Kòd la valab pou 20 minit apati moman yo voye l la.

Si w ka konekte nan kont ou a sou FamilySearch.org:

  1. Konekte nan FamilySearch.org.
  2. Sou anlè kwen dwat la, klike sou non w, apresa sou Paramèt.
  3. Anba nimewo telefòn mobil ou a, klike sou Verifye Nimewo Telefòn Sa a.
  4. Lè w resevwa nouvo kòd la sou telefòn ou, tape nouvo kòd verifikasyon an nan kazye ki anba Antre Kòd Verifikasyon an. Note: Si w bezwen yo voye kòd la ankò, klike sou Revoye Kòd.
  5. Klike sou Verifye.

Si w pa ka konekte nan kont FamilySearch.org:

  1. Kontakte FamilySearch Support.
  2. Nou bezwen verifye enfòmasyon ou itilize pou w kreye kont FamilySearch ou a.
  3. Nou revoye yon kòd verifikasyon ki gen 6-karaktè pou aktive kont FamilySearch ou a.
  4. Ale nan verify.fs.org.
  5. Antre kòd verifikasyon 6-karaktè a nan espas verifikasyon an sou ekran an.
  6. Klike sou Sovgade.

Atik ki an rapò

Kouman pou m kreye yon kont FamilySearch gratis?
Kouman pou m mande yo revoye yon imèl verifikasyon pou aktive kont FamilySearch mwen an?

Èske sa te itil?