Poukisa fizyone echwe nan Ab Familyal la?

Ou pa ka fizyone kèk fichye nan Ab Familyal la. Men kèk nan rezon yo:

  • Yon dosye se pou gason, epi lòt la se pou fi.
  • Yon dosye se pou yon moun ki vivan, epi lòt la se pou yon moun ki desede.
  • Yon dosye se pou yon moun ki vivan oubyen l konfidansyèl epi se sèlmqan oumenm ki ka wè l, epi lòt dosye a se pou yon moun ki vivan tou oubyen konfidansyèl epi l vizib pou yon izaje diferan.
  • Yon dosye se pou yon moun konfidansyèl epi l sèlman vizib a oumenm.
  • Yon dosye se pou w li-sèlman.
  • Yon dosye lye avèk lòt la kòm paran oubyen pitit.
  • Yon dosye te fizyone avansa epi l te deja efase.
  • Tou de dosye yo atache a menm sous la.
  • Apre yo fin fizyone, dosye ki rete a ka gen twòp konjwen, paran, pitit, sous, memwa, nòt, diskisyon, oubyen moun ki sou lis ki “a pa matche” a.

Etap yo

  1. Gade si w ka korije done nan Ab Familyal la ki lakoz fizyon an echwe a. Si w kapab, eseye fizyone yo ankò.
  2. Si w toujou bezwen èd, kontakte nou. Prepare pou w bay enfòmasyon suivan yo:
    • Nimewo ID a, non, dat nesans, ak lye nesans sou dosye ou vle fizyone yo. Se pa tout dosye ki gen tout enfòmasyon sa a, konsa, bay pi plis ou kapab.
    • Relasyon w avèk moun yo
    • Poukisa w santi ke dosye yo ta dwe fizyone.

Atik ki an rapò

Kisa rejis pou li-sèlman yo ye nan Ab Familyal?
Kisa limit ki genyen pou done pou moun nan Ab Familyal?
Poukisa gen moun ki desede sou lis Moun Prive m yo nan Ab Familyal?

moduleTitle