Objektif jeneral Ab Familyal la se pou ede w dekouvri fanmi w, epi, konsa, dekouvri yon ti moso sou oumenm.
- Ab Familyal la diferan de lòt sit jeneyaloji ki sanble avè l yo. Ab Familyal se yon sèl, ab piblik ki lye ansanm an fanmi. Lòt sit yo sèlman pèmèt itilizatè yo kreye ak jere pwòp ab prive pa yo. Tout moun nan Ab Familyal la travay ansanm sou menm done yo. Objektif nou se pou nou konekte chak manm nan fanmi imen an.
- Ab Familyal la konpare dosye istorik yo ak moun ki nan ab la pou ede ou jwenn sous yo pou moun sa a.
- Ab Familyal la konpare moun ki sanble yo nan ab la pou ede w jwenn duplikata moun, ke ou kapab fizyone ansanm.
- Ab Familyal la ofri zouti pou mesajri ak kolaborasyon, osibyen ke sipò ekspè gratis sou telefòn, ak imèl pou ede w rezoud erè.
- Ab Familyal la puize nan gwo bazdone FamilySearch la k ap kontinye grandi pou ba w rekòmandasyon sou dokiman yo. Rekòmandasyon sa yo ede ou konekte ak ansyen jenerasyon yo.
- Seksyon Souvni an ka ede w kreye koneksyon ki pi pwofon avèk zansèt yo. Ou kapab prezève ak pataje foto ak istwa yo.
- Nou vle pou Ab Familyal la vin aksesib a pi plis moun posib. Anplis de sit entènèt konplè a, ou ka itilize app mobil nou an oswa sit entènèt Ab Familya Lite la.
Espwa nou se ke atravè Ab Familyal la, n ap kapab travay ansanm pou nou kreye yon ab familyal piblik, ki byen alimante. Nou vle ede manm fanmi yo kreye lyen ak fanmi ki mouri ak vivan yo.
Pou aprann plis sou FamilySearch, oswa si ou bezwen èd, vizite FamilySearch.org/about.
Atik ki gen rapò
Kouman pou m voye mesaj bay yon moun ki te kontribye nan seksyon Ab Familyal oubyen Souvni yo?
Kouman pou m itilize seksyon souvni FamilySearch la pou m prezève istwa lavi zansèt mwen yo?