Kouman pou m sijere yon nouvo lokalite nan Lokalite FamilySearch yo?

Ou ka sijere pou nou ajoute yon lokalite nan bazdonelokalite nòmalize yo FamilySearch.

Lokalite yo gen yon koneksyon avèk yon evènman lavi. Yon lokalite regilarize gen yon fòma presi. Lokalite nòmalize yo fè rechèch pi fasil.

Anvan w kòmanse

Yon lokalite nan FamilySearch se yon kote ki gen valè pou tout kominote a. Adrès kay yon moun, pa egzanp, twò presi pou l ta nòmalize

Chak nouvo lokalite egzije yon lokalite paran. Lokalite paran an se pwochen divizyon jewografik ki pi gran an. Pa egzanp, lokalite paran an pou Manhattan se New York City.

Etap (sit entènèt)

  1. Ale nan FamilySearch Places epi konekte.
  2. Sou anlè goch la, klike sou + Sijere yon Nouvo Kote.
  3. Klike sou yon kategory lokalite.  Pou w aprann plis konsènan yon kategori, klike sou sèke la bòkote kategori a. Yon definisyon parèt.   
  4. Klike sou Suivan
  5. Antre non pou nouvo lokalite a.  
  6. Nan pwochen espas la, antre lokalite Paran an. Yon lokalite paran se pwochen divizyon jewografik pi gran an ki enkli lokalite a.  
    1. Ou wè sigjesyon sou kalte-lokalite pou paran an. Ou pa limite a sijesyon yo.
    2. Klike sou yon opsyon nòmalize.
  7. Verifye ke espas pou lang lan reflete non w ap sijere a, olyede lang natal lokalite a. 
  8. Klike sou Suivan
  9. Pou ede redwi sigjrsyon diplikata yo, FamilySearch chèche pou wè si lokalite a deja egziste nan bazdone nou. Si w wè yon lokalite nan rezilta rechèch la, klike sou Selesyone. Okenn lòt aksyon pa nesesè.  
  10. Klike sou Kreye Lokalite. 
  11. (Opsyonèl) Ajoute lokalite jewografik la ak Sous Web Address (URL) la. Yon kote san enfòmasyon sa a pa ka yon lokalite paran pou lòt kote. 
  12. Ajoute Enfòmasyon adisyonèl pou ajoute valè a lokalite a ak sigjesyon an. 
  13. Klike sou Soumèt.

Konfimasyon soumisyon pa disponib. Nou pral kòmanse imèl konfimasyon nan lavni. Lè sa disponib, ou pral ka reponn dirèkteman a ekip entèn nan si w gen kesyon oubyen kòmantè.

Etap (app mobil)

Zouti a pa disponib sou app mobil la. Silvouplè, itilize yon navigatè pou w sigjere ak korije lokalite nòmalize yo.

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Zouti a pa disponib sou Ab Familyal Senplifye. Silvouplè, itilize yon navigatè pou w sigjere ak korije lokalite nòmalize yo.

Seleksyone èd yon lokalite—paran

Lokalite ou sigjere a egzije yon lokalite paran ki apwouve. Pandan w ap tape, yon lis lokalite paran parèt.

  • Si lokalite paran kòrèk la pa parèt, retounen nan etap 1 an epi sigjere lokalite prensipal la kòm yon nouvo lokalite.  Lokalite paran wo-nivo lyo pa disponib kòm paran. Èd sa a prezève fidelite done sou lokalite a epi limite diplikata yo. Si yon pwovens, eta, oubyen yon lokalite paran ki pi gran nesesè, silvouplè, soumèt sijesyon an nan placefeedback@familysearch.org
  • FamilySearch asime ke lang ki nan navigatè w la se lang ou sijere a. Si nesesè, itilize espas pou Lang Non Lokalite a pou w idantifye lang ki kòrèk la.  

Ajoute detay—tip

Detay yo konekte lokalite a sous yo pou ede w konfime lokalite a. Nan egzanp yo gen yon rejis istorik, jounal, atik, oubyen lòt dokiman ki fyab. Ajoute detay a yonn oubyen plis nan espas ki disponib yo.

  • Lokalite Antre latitid ak lonjitid pou lokalite a. Oubyen navige sou kat jewografi ak sistèm nan pral ajoute direksyon yo. 
  • Source Web Address (URL). Yon lyen pou yon sit entènèt ki refere a yon lokalite.
  • Enfòmasyon adisyonèl. Yon eksplikasyon oubyen sitasyon pou lòt sous. 

Si yo pa aksepte lokalite ou sijere a

Silvouplè, voye yon mesaj imèl bay placefeedback@familysearch.org

Atik ki gen relasyon

Kouman pou m antre dat ak lokalite sou Pyebwa Familyal?
Kouman pou m korije oubyen edite yon lokalite nan Lokalite FamilySearch Places?

Èske sa te itil?