Kouman m ta dwe antre non nan Ab Familyal?

Chak moun sou Ab Familyal dwe gen yon prenon ak yon non fanmi. Direksyon suivan yo ede w antre non yon moun kòrèkteman epi l fè l pi fasil pou lòt moun jwenn moun sa a sou Ab Familyal. 

Seleksyone lang ki kòrèk la

Lè w ap ajoute oubyen edite yon non sou Ab Familyal, ou ka chanje paramèt lang nan. Paramèt lang nan pèmèt ou antre non an nan lòd kòrèk la avèk lèt fòm karaktè ki kòrèk yo.

Antre vèsyon non ki kòrèk la nan seksyon Vital la

Nan seksyon Vital la, antre non nesans moun nan oubyen konplete non legal.

  • Majiskil—Itilize majiskil nòmal.
  • Non jènfi ak non marye—Si yon fi chanje non l apre maryaj, itilize non jènfi li a. 
  • Non legal chanje—Si yon moun chanje non l legalman (apa non maryaj apre maryaj), antre non legal ki pi nouvo a.
  • Non ki plis itilize pi souvan—Si moun nan pat itilize non legal li nan lavi, ou ka antre non ki itilize pi souvan an nan seksyon Vital yo ak non legal nan Lòt seksyon enfòmasyon an.

Mete chak pati nan non an nan espas kòrèk la

  • Tit—Itilize Tit pou mo tankou “Konte” oubyen “Mesye.” Si yon moun pa gen yon tit, kite espas la vid. 
  • Prenon—Antre prenon ak dezyèm non moun nan. Mete tinon jwèt nan seksyon “Lòt enfòmasyon” an.
  • Non Fanmi—Antre non fanmi oubyen non maryaj moun nan. Si yon fi te chanje siyati li apre maryaj, antre non jènfi li. Si yon moun pa gen non fanmi, tankou pou yon Ameriken Endijèn, kite espas Non Fanmi an vid.
  • Sifiks—Antre mo tankou “Jinyò.” oubyen “Senyò.,” oubyen petèt yon lèt nimeral Women, tankou nan “John Smith III.”  Si yon moun manke yon sifiks, kite espas sa a vid. 

Mete tinon jwèt ak lòt varyasyon nan seksyon Lòt Enfòmasyon an

Ajoute lòt non yon moun te genyen nan seksyon “Lòt Enfòmasyon” an. Men kèk egzanp:

  • Tinon jwèt
  • Non ki itilize anvan oubyen apre moun te deloje al nan yon nouvo peyi
  • Non ki itilize pou evite idantifikasyon
  • Chajnjman non nan  adopsyon, divòs, oubyen kèk lòt aksyon legal si yo pa t dènye non legal moun nan te itilize
  • Non varyan ki soti nan koutim sou non, tankou non Fransè avèk "dit"
  • Non marye fi
  • Varyasyon nan eple non

Evite mo ak karaktè ki envalid

Lè yon karaktè envalid itilize nan yonn oubyen plis espas pou non, enfòmasyon an pa ka sovgade. Yon mesaj avètisman afiche ki dekri pwoblèm nan. Si mesaj la afiche an wouj, karaktè ki envalid la dwe elimine anvan ou ka kontinye—menmsi karaktè sa yo te prezan anvan edite.

Suiv direksyon sa yo:

  • Karaktè sa yo pa akseptab: \ @ # $ % ^ & * _ + = | ~ ? < > [ ] { } ( ) ; : 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9.
  • Evite ekstra espas.
  • Tirè ak apwostwòf akseptab si yo se reyèlman yon pati nan non an.
  • Evite non ki gen sèlman inisyal.
  • Evite mo ki pa abityèlman non, tankou “Pa gen non,” “san non,” “Mesye,” “Madanm,” "marasa," oubyen "pitit gason." 
  • Nimewo jenerasyon, tankou Steven Smith III, akseptab nan espas sifiks la.

Atik ki gen rapò

Kouman pou m chanje enfòmasyon vital nan Ab Familyal?
Kouman pou m ajoute tinon jwèt nan Ab Familyal?
Kouman pou m antre yon non nan yon lang diferen nan Ab Familyal?
Poukisa non yon moun gen yon pwen entèwogasyon sou Ab Familyal?
Kouman pou m antre non Skandinav nan Ab Familyal?

Èske sa te itil?