Kijan m ka jwenn asistans lè m ap sèvi ak FamilySearch.org?

Sant Èd FamilySearch la ede w itilize sit wèb nou an ak aplikasyon mobil yo epi li montre w kijan pou fè rechèch jeneyalojik.

Etap (sit entènèt)

    1. Nan tèt nenpòt paj, klike sou . Ekran Asistans la ap parèt.
  1. Si kesyon w lan pa parèt anba lis Sijè Sijesyon yo, rantre kesyon ou an nan kazye rechèch la ki sou tèt ekran Asistans la.
  2. Si ou pa kapab jwen yon repons pou kesyon w lan, sèvi ak youn nan opsyon ki liste anba ekran Asistans la:
    • Sant Asistans. Chèche resous asistans nou yo, jwenn yon èd an-pèson, aprann kijan pou w kòmanse, oubyen vizite yon kominote FamilySeach.
    • Kontakte Nou. Kontakte Sipò FamilySearch oubyen vizite kominote FamilySeach la.
    • Kominote. Kolabore avèk lòt itilizatè ak chèchè FamilySearch yo. Ou kapab eksplore oubyen mande oubyen reponn kesyon yo. Ou ka menm jwenn ak enskri nan gwoup ki gen sijè espesifik.

Etap (aplikasyon mobil)

  1. Nan aplikasyon mobil Ab Familyal la, tape 3 liyyo, epi apre sa tape Asistans.
    • Kesyon Yo Poze Souvan. Gade kesyon ki poze souvan avèk repons yo.
    • Kontakte Nou. Bay aplikasyon an fidbak; kontakte sipò FamilySearch; oubyen jwenn yon sant FamilySearch.
    • Kisa ki Nouvo. Gade nouvo mizajou pou aplikasyon mobil Ab Familyal la.

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Woule desann sou anba paj la nan Ab Familyal, epi klike Fidbak ak Sipò.
Remak: Gid Istwa Familyal la son resous adisyonèl pou ede FamilySearch.org. Gid sa genyen leson gratis sou kijan pou w itilize FamilySearch.org ak yon sijè ki gen pou wè ak istwa familyal ak jeneyaloji. Se yon patnè FamilySeach ki ofri kontni yo. Gid la ekri an anglè epi li disponib an lòt lang atravè Google Translate.

Atik ki an rapò

Ki kote m ap jwenn yon sant istwa familyal?
Kijan Rechèch Wiki FamilySearch la ka ede m jwenn zansèt mwen yo?

Èske sa te itil?