Ki kote pou m jwenn yon sant FamilySearch?

Jwenn yon sant FamilySearch tou pre w pou demare vwayaj istwa familyal ou a. Ou ka jwenn adrès yon sant lokal sousit entènèt nou an.

Volontè lokal nan sant FamilySearch yo bay yon varyete sèvis:

  • Èd pèsonalize sou fason pou w itilize FamilySearch ak fason pou w fè rechèch istwa familyal.
  • Aksè konplemantè a konpitè, entènèt, ak abònmannan sit entènèt istwa familyal yo. (Disponiblite resous yo varye selon lokasyon an.)
  • Aksè a foto rejis istorik ki disponib sèlman nan sant yo.

Chak sant diferan, men, yo tout ofri yon espas pou w aprann plis konsènan zansèt ou yo. Sant yo nan plizyè kalite kay, tankou legliz ak libreri.

Etap (sit entènèt)

  1. Sou kwen anlè dwat ekran FamilySearch la, nan tèt la, klike sou (senbòl pin nan).
  2. Klike sou Dekouvri Sant Lokal.
  3. Nan bwat Rechèch la, antre lokalite w la, epi klike sou Rechèch.
  4. Klike sou yon sant nan lis la.
  5. Chèche senbòl vèt ab FamilySearch yo sou kat jeografik la. Klike sou yon senbòl. Ou ka wè non yon sant, adrès, lè l ouvri, ak nimewo telefòn ni.

Etap (app mobil)

Pou app Ab Familyal la:

  1. Sou yon aparèy iOS, nan kwen dwat anba a app la, tape sou Plis. Sou yon aparèy Android, sou anlè pòsyon goch ekran an, tape sou 3 senbòl liy yo.
  2. Tape sou Èd.
  3. Tape sou Kontakte Nou.
  4. Tape sou Jwenn yon Sant FamilySearch.
  5. Yon kat jeografik lokalite w la parèt. Ou ka tape sou nenpòt pwen vèr sou kat jeografik la pou w wè plis enfòmasyon konsènan Sant FamilySearch la. Pou w chèche yon diferan sant, antre yon kote nan espas pou chèche a sou anba kat la.

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Ab Familyal Senplifye a manke eleman pou ede w jwenn sant FamilySearch yo. Silvouplè, itilize tout sit wèb la la oubyen app.

Jwenn èd

Kontakte FamilySearch nan sikonstans sa yo:

  • Ou chèche yon sant FamilySearch presizeman, epi w pa jwenn li
  • Enfòmasyon pou kontakte sant enfòmasyon an an pa kòrèk

Atik ki an rapò

Kouman pou m jwenn èd lè m ap itilize FamilySearch.org?

moduleTitle