Kijan pou m wè relasyon m avèk yon moun nan Souvni?

Share

Afichè relasyon an kalkile relasyon ou avèk yon moun nan Ab Familyal epi montre yon tablo ki montre fanmi dirèk ant oumenm avèk moun nan. Nan tèt tablo a, ou ka wè relasyon ou, tankou Grann mwen oswa Premye Kouzen mwen. Si l pa t jwenn okenn relasyon, afichè a montre "Relasyon Enkoni."

  1. Konekte nan FamilySearch, epi Klike sou Souvni.
  2. Klike sou Moun.
  3. Jwenn moun ou vle wè relasyon w avèk li a.
  4. Nan pati anba ti foto moun nan, klike sou Gade Relasyon mwen. Yon tablo parèt pou montre nan kijan ou gen lyen parante avèk moun sa a.
  5. Pou zoom li ale vini, klike sou + oswa -.
  6. Pou montre paj moun yo nan Ab Familyal, klike sou X pou w sòti nan afichè relasyon an.
  7. Klike sou non moun nan.

App mobil Ab Familyal ak Souvni yo pa gen yon afichè relasyon pou souvni. Tanpri, itilize sit entènèt la pito.

Ab Familyal pa montre ni Souvni ni relasyon ou avèk yon moun. Tanpri, itilize sit entènèt la pito.

Kouman pou m wè relasyon m avèk yon moun nan Ab Familyal?
Kouman afichè relasyon an nan Ab Familyal la detèmine si m gen lyen parante avèk yon moun?

Èske sa te itil?