Kòman pou m defèt yon fizyon nan Ab Familyal?

Share

Paske FamilySearch trè kolaboratif, kèk itilizatè fè erè nan fizyone pwofil de moun diferan pou vin fè yon sèl. Fizyon ki enkòrèk ka prezante anpil pwoblèm nan linye yon fanmi. Pi bon fason pou korije yo se defèt fizyon an.

Si ou defèt fizyon an avèk sit entènèt FamilySearch la, ou ka itilize zouti analiz fizyon an pou konpare pwofil yo anvan ak apre fizyon an. Analiz fizyon pa disponib sou aplikasyon mobil Ab Familyal la.

Anvan ou defèt yon fizyon, gade si gen endis ke de pwofil yo te sou moun diferan.

  • Pa konte sou non sèlman. Gen anpil moun ki gen menm non, ata nan yon fanmi.
  • Chèche diferans ki genyen nan nesans, lanmò ak lòt evènman lavi.
  • Egzamine sous pou diferans ki pa fè sans yo.
  • Konpare non fanmi yo ak enfòmasyon sou evènman an. Chèche gwo diferans ki genyen nan laj oswa lòt bagay ki pa fè sans.

Etap (sit entènèt)

  1. Nan meni anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
  2. Jwenn moun ou vle defèt fizyon an.
  3. Klike sou non moun nan.
  4. Nan fèy bò a, klike sou Moun.
  5. Klike sou tab Detay  la.
  6. ‌Jwenn Kazye Dènye Chanjman yo.
  7. Klike sou Montre Tout.
  8. Analize kolòn ki pi agòch la pou jwenn yon chanjman ki make “Fizyon.” Si lis la long, klike sou Filtre, epi chwazi Fizyon.
  9. Klike sou Analiz Fizyon.
  10. Konpare enfòmasyon ki nan de premye kolòn yo pou deside si pwofil yo se sou menm moun nan oswa sou moun diferan.
  11. Gade nan kwen anwo agòch la. Si bouton Defèt Fizyon an aktif, sa vle di ke pwofil ki fizyone a pa t chanje depi lè fizyon an te fèt la. Suiv etap sa yo:
    1. Klike sou Defèt Fizyon.
    2. Nan panèl la ki ouvè a, antre yon deklarasyon pou bay rezon ki eksplike poukisa w ap defèt fizyon an.
    3. Si sa nesesè, deseleksyone Make moun sa yo kòm yo pa koresponn. Nan pifò ka yo, ou ta dwe kite opsyon sa aktive pou anpeche fizyon sa a fèt ankò pa erè.
    4. Klike sou Soumèt.
  12. Si bouton Defèt Fizyon an pa aktif, sa vle di ke pwofil la te chanje apre fizyon a. Swiv etap sa yo pou asire ke chak pwofil genyen enfòmasyon ki kòrèk la:
    1. Klike sou non moun nan nan premye kolòn nan, ki make “Moun efase anvan Fizyon.”
    2. Klike sou Moun.
    3. Klike sou Retabli Moun.
    4. Antre yon deklarasyon ki eksplike rezon an.
    5. Klike sou Retabli.
    6. Revize toude rejis yo. Asire w ke yo chak gen enfòmasyon ki kòrèk la. Nan kèk ka, li ka nesesè pou w efase enfòmasyon nan yon rejis epi ajoute l nan yon lòt.

    Etap (aplikasyon mobil)

    1. Navige sou moun ki te fizyone a.
    2. Nan anwo adwat, tape sou 3 pwen yo
    3. Android: Tape sou Chanjman Resan. Apple iOS: Tape sou Plis, apresa Chanjman Resan.
    4. Gade si gen yon chanjman ki mansyone an vèt (iOS) oswa ble (android). Nan tèt chanjman an, remake mo “Fizyone” a.
    5. Tape sou Defizyone. Si ou pa kapab defèt fizyon an, ou pa wè okenn bouton Defizyone.
    6. Eksplike poukisa, epi tape Defizyone.
    7. Kounyea, kazye a jòn epi l di “Defizyone.” Pou w revize enfòmasyon sou rejis retabli a, tape sou non ki anba Retabli Moun nan.

    Etap (Ab Familyal Senplifye)

    Ab Familyal Senplifye pa bay yon opsyon pou kite w rezoud fizyon ki pa kòrèk yo.

    Atik ki gen rapò

    ‌Kòman pou m montre ke diplikata yo pa koresponn nan Ab Familyal?
    ‌Kòman pou m fikse yon fizyon ki gen enfòmasyon sou plizyè moun nan Ab Familyal?

    Èske sa te itil?