Kouman pou m antre dat ak lokalite nan Ab Familyal?

Lè w itilize fòm pou dat ak lokalite nan Ab Familyal, sa amelyore presizyon ak abilite pou chèche enfòmasyon ou antre a.

Anvan w kòmanse

  • Anpil kote gen oubyen te gen menm non oubyen non ki sanble. Moun ekri dat nan anpil fason. Ab Familyal ede w regilarize dat ak kote yo pandan w ap antre yo.
  • Dat ak lokalite nòmalize (ki rele tou "nòmal") amelyore presizyon rechèch la, èd pou reji, ak karakteristik dipliata yo nan Ab Familyal la.
  • Lis vèsyon nòmalize a ka akselere anter done ou yo.
  • Lè yon dat oubyen kote pa nòmalize, Ab Familyal idantifye l kòm yon done ak pwoblèm epi l afiche yon pwen eksklamasyon wouj bòkote l. Pou fikse pwoblèm sa a, ouvri kazye Edite a, klike sou "Nòmalizasyon pa Seleksyone," epi seleksyone yon modèl nòmalizasyon.

Etap (website)

  1. Nan espas pou dat oubyen lokalite ki sou Ab Familyal la, kòmanse tape dat oubyen lokalite a.
    • Èd pou dat:
      • 29 Fevriye nòmalize sèlman pou ane bisekstil.
      • Itilize pou A.K oubyen A.D.E. pou "anvan Kris" oubyen "Avan Epòk Òdinè a." Modèl nòmalize a parèt kòm A.K.
      • Ab Familyal itilize kalandriye Gregoryen pou nòmalizasyon. Pou w antre dat ki sòti nan yon lòt kalandriye, antre dat la, tape nan yon espas, epi apresa antre vèsyon Gregoryen dat la (Jou-Mwa-Ane). Pa egzanp, si yon dat nesans rive 31 Desanm 2003, w ap tape: "31 Desanm 2003."
      • Nan lis dewoulan an, dat nòmalize gen yon senbòl kalandriye
    • Èd pou kote:
      • Bazdone sou lye nòmalize yo pako konplete. Nòmalizasyon yo ap amelyore gradyèlman.
      • Si posib, antre-non kote a jan l egziste lè evènman an rive a.
      • Ou gen opsyon pou w antre kote yo nan lang natal ou oubyen lang natal kote a.
  2. Pandan w ap tape, sistèm nan afiche yon meni dewoulan avèk nòmalizasyon ki disponib yo. Klike sou sa ki kòrèk la.
    • Si nòmalizasyon an kòrèk la pa disponib, retape dat la oubyen lokalite a. Si onkenn nan opsyon yo pa matche, klike sou premye atik la nan meni dewoulan an pou sovgade sa w te tape a. Ab Familyal seleksyone yon nòmalizasyon si l kapab.
    • Pou w seleksyone okenn nòmalizasyon, klike souri a yon lòt kote sou ekran an. 
  3. Pou w chanje nòmalizasyon an, senpleman klike sou espas la, epi chwazi sa w vle a.
  4. Sistèm nan pral pwobableman dirije w pou w fè mizajou sou rezon ki fè enfòmasyon an kòrèk la. Fè sa, apresa klike sou Sovgade.  

Etap (app mobil)

  1. Nan yon espas pou dat oubyen lokalite nan app mobil Pyebwa Familyal la, kòmanse antre dat oubyen lokalite a.
    • Èd pou dat:
      • 29 Fevriye nòmalize sèlman pou ane bisekstil.
      • Itilize pou A.K oubyen A.D.E. pou "anvan Kris" oubyen "Avan Epòk Òdinè a." Modèl nòmalize a parèt kòm A.K.
      • Ab Familyal itilize kalandriye Gregoryen pou nòmalizasyon. Pou w antre dat apati yon lòt kalandriye, antre dat la, tape yon espas, epi apresa antre vèsyon Gregoryen dat la.
      • Lè w ap antre dat la, li posib ke 2 opsyon pral parèt (pa egzanp, 5 Nov 1911 oubyen 5 Novanm 1911). Chwazi dat ki gen yon senbòl kalandriye bòkote l (jeneralman dezyèm nan, 5 Novanm 1911). Sa ap anpeche erè enfòmatik ]done] ki asosye avèk fòma dat la.
    • Èd pou kote:
      • Bazdone sou lye nòmalize yo pako konplete. Nòmalizasyon yo ap amelyore gradyèlman.
      • Si posib, antre non yon lokalite jan l egziste lè evènman an te rive a.
      • Ou gen opsyon pou w antre lokalite a nan lang natif ou oubyen lang natif lokalite a.
      • Si nòmalizasyon kòrèk la pa disponib, antre lokalite a jan w vle l anrejistre a, ajoute yon espas, epi apresa antre yon vèsyon-non lokalite ki ka nòmalize. Sa kapab-non-lokalite a nan epòk-modèn lan oubyen konte, eta, pwovens, oubyen peyi kote li ye kounyea. 
  2. Lè w antre non ak dat la, sistèm nan afiche nòmalizasyon ki disponib la.
    • Tape sou nòmalizasyon ki kòrèk la. Li ka nesesè pou w glise desann atravè yon lis kote ki nòmalize yo pou w jwenn sa w bezwen an.
    • Si okenn nòmalizasyon ki aplikab pa disponib, ale nan fen lis nòmalize a, epi tape Okenn nan sa ki anlè yo.
    • Pou w kenbe sa w te antre a epi pou w fè sistèn nan seleksyone yon nòmalizasyon ki aplikab, tape andeyò lis ki nòmalize a.
  3. Pou w chanje nòmalizasyon an, ou dwe re-antre dat oubyen lokalite a. App mobil la, kontrèman ak sit entènèt la, pa kite w chanje yon nòmalizasyon san w pa re-antre enfòmasyon an tou. 

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Ab Familyal Senplifye otomatikman nòmalize dat ak lokalite pandan w ap ajoute oubyen edite yo. Ou pa ka chwazi yon nòmalizasyon. 

Atik ki gen rapò

M pa konnen dat egzat pou m mete nan Ab Familyal
Kouman pou m rezoud pwoblèm enfòmasyon nan Ab Familyal?
Chemen kout pou antre dat nan Ab Familyal

moduleTitle