Kisa Afichaj Panorama a fè nan seksyon Ab Familyal la?

Nan Ab Familyal nan sit entènèt FamilySearch la, afichaj Panorama a montre asandans/ab jeneyalojik ou a orizontalman. Ou parèt nan mitan. Desandan w yo sou kote goch. Zansèt ou yo sou kote dwat.  

Afichaj Panorama a  gen plizyè avantaj:

  • Ou ka wè plizyè jenerasyon pou yon fanmi an menm tan.
  • Ou ka suiv yon linye familyal an aryè oubyen an avan nan tan pa yo.
  • Ou ka wè apèsi sou rejis, sijesyon pou rechèch, ak pwoblèm nan done yo.
  • Ou ka wè konjwen zansèt ou yo si w te ajoute yo.
  • Ou ka wè konjwen pitit ou yo.
  • Ou ka wè lè sistèm nan gen plizyè konjwen oubyen paran pou yon moun.

Note: Lè w itilize Opsyon, ki nan kwen dwat anlè ekran an, ou ka seleksyone ki senbòl pou afiche sou ab jeneyalojik ou a.

Etap yo (sit entènèt)

  1. Nan meni prensipal anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa, klike sou Ab.
  2. Nan pòsyon anlè sou kote goch afichaj ab jeneyalojik la, klike sou non fenèt la (paregzanp Fan Chart), apresa Panorama. Si w nan ekran Premye Zansèt la, opsyon sa a ap sou anlè dwat la.
  3. Pou w deplase yon lòt moun ale nan pozisyon prensipal la, klike sou non li, apresa sou Ab.
  4. Pou w wè plis detay konsènan yon moun nan ab jeneyalojik la , klike sou non l, apresa sou Detay.
  5. Pou w wè pitit yon koup, klike sou Pitit sou anba nan kazyepou koup la.
  6. Pou montre yon konjwen diferan pou yon moun nan ab jeneyalojik la, fè bagay sa a:
    1. Gade kazye koup la. Si gen plis pase yon konjwen nan sistèm nan, w apu wè yon ti flèch ki desann sou kote goch paj konjwen ki afiche a.
    2. Klike sou flèch desann.
    3. Nan lis konjwen yo, klike sou konjwen ou vle afiche nan ab jeneyalojik la.
  7. Pou w deplase ab la sou ekran an, klike sou zòn aryèplan ab la, epi rale li.
  8. Pou ogmante oubyen diminye gwosè ab la, toupre anlè goch la, klike sou Plis+ ) oubyen Mwens ( - ).
  9. Pou elaji yon linye familyal sou 2 lòt jenerasyon, klike sou flèch nan fen linye sa a. Klike sou li ankò pou fèmen li.
  10. Pou retounen ab jeneyalojik la sou oumenm, ou ka itilize youn nan opsyon sa yo:
    • Pou fèmen tout linye ou te elaji yo epi retounen sou oumenm, klike sou senbòl kay la.
    • Pou w kenbe tout linye agrandi yo ouvri epi retounen sou moun ou te kòmanse a, klike sou senbòl resantrea, ki sanble avèk yon pwen sib epi li dirèkteman anba senbòl kay la.
  11. Si yon moun gen plizyè paran nan sistèm nan, w ap wè yon flèch sou kote goch kazye koup pou paran yo. Klike sou flèch la pou w wè tout paran moun nan.
  12. Si yon moun gen plis pase yon konjwen nan sistèm nan, ou wè yon flèch akote non moun nan nan kazye pou koup la. Klike sou flèch la pou w wè tout konjwen yo pou moun nan.
  13. Pou w enprime yon fèy asandans/ab jenealojik 4-jenerasyon, klike sou Opsyon, epi apresa sou Enprime. Lè vèsyon ki ka enprime a ouvri nan yon nouvo tab, klike sou opsyon enprime nan navigatè w la pou w enprime l.

Etap yo (aparèy mobil)

App mobil Ab Familyal la pa gen yon afichaj panorama.

Etap yo (Ab Familyal Senplifye)

Family Tree lite (Ab Familyal Senplifye) a pa gen yon afichaj panorama.

Atik ki an rapò

Kouman pou m endike konjwen oubyen paran prefere yo nan Ab Familyal la?
Kisa afichaj desandans la fè nan Abb Familyal la?
Kouman pou m itilize afichaj an fòm evantay la nan Ab e Familyal la?
Kouman pou m chanje pozisyon paran oubyen konjwen yo pou m chanje jan linye familyal yo nan Ab Familyal la afiche?

Èske sa te itil?