Sovgade Souvni Familyal yo

Sovgade Souvni Familyal yo

Eseye aktivite senp sa yo pou kòmanse sovgade ak pataje trezò enpòtan fanmi w yo.

Men kèk iaktivite ki pou ede w derape:

Lavi a bati ak istwa ki dokimante lajwa ak trajedi lavi yo. Prezève istwa nou yo ka beni jenerasyon fiti yo.

4 etap

Telechaje ak pataje yon foto

  1. Step 1: Itilize òdinatè w oswa aparèy mobil ou pou ka telechaje yon foto nan FamilySearch.

    • Seleksyone Souvni epi apresa Galri pou telechaje apati òdinatè w.
    • Eseye aplikasyon Mobil Souvni an nan IOS | Android
  2. Step 2: Tape bouton (+) la. Chwazi yon foto nan òdinatè w la oswa kamera aparèy mobil ou a.

    Ou ka menm enpòte yon imaj nan Google, Facebook, oswa Instagram.

  3. Step 3: Ajoute enfòmasyon enpòtan tankou kimoun (oswa kisa) ki nan foto a, deskripsyon, dat ak andwa a.

  4. Step 4: Klike Pataje epi chwazi kijan w ta renmen pataje foto a.

5 etap

Rakonte yon istwa - Anrejistre yon souvni

  1. Step 1: Itilize òdinatè w oswa aparèy mobil ou pou w ka ajoute istwa yo nan FamilySearch.

    • Seleksyone Souvni epi apresa Galri pou telechaje apati òdinatè w la
    • Eseye aplikasyon Mobil Souvni an nan IOS | Android
  2. Step 2: Ou ka tape oswa ajoute istwa yo kòm fichye PDF, oswa fichye odyo.

  3. Step 3: Tape bouton Ajoute Souvni (+) an epi chwazi Kreye yon Istwa (òdinatè) oswa Ekri Istwa (mobil).

  4. Step 4: Antre yon tit pou istwa a.

  5. Step 5: Itilize klavye aparèy ou a oswa opsyon dikte a pou antre tèks istwa a.

    Pa enkyete w si istwa a sanble l kout oubyen si w pa gen tan pou w repase l oswa edite li. Fokis sou konsève yon souvni—li pa oblije pafè. Ou ka retounen epi edite l si nesesè.

  6. Step 6: Tabli viziblite pou pou l vizib an Prive oswa an Piblik.

  7. Step 7: Opsyonal: Ajoute foto ki ede ilistre istwa a.

  8. Step 8: Tape sovgade

  9. Step 9: Istwa a prezève nan souvni w yo. Ou ka pataje lyen an nan yon imel oswa tèks, oswa atravè rezo sosyal.