Kòmanse Patisipe
Eseye aktivite sa a pou ede fè yon diferans pou chèchè yo nan tout mond lan.
Kisa endeksasyon ye?
Endeksasyon se yon pwojè volontè ki mete foto rejis istorik—tankou rezilta resansman oswa anons nekwoloji yo—disponib pou rechèch anliy. Se yon gwo fason pou kontribye nan kominote jeneyaloji a epi rann dekouvèt familayl posib.
Kijan sa mache
Ou pa kapab jwenn foto yon rejis istorik ki pa endekse nan yon rechèch. Pa gen okenn mo kle ki asosye avèk li ke moun ka jwenn.
Yon endeksè volontè egzamine rejis la nan pwogram endeksasyon an epi li tape enfòmasyon enpòtan yo tankou non, dat, ak andwa yo. Nou ajoute rezilta foto ki endekse a nan rejis ki disponib pou rechèch gratis yo nan FamilySearch.
Endeksasyon sponsorize ak patwone pa FamilySearchD, yon sèvis Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo ofri.
Eseye ankò
Vizite paj prensipal Endeksasyon an pou w konekte nan FamilySearch epi seleksyone yon “seri” foto pou w endekse. Gen pwojè ki disponib nan plizyè lang diferan. Pase pi plis oswa pi piti tan w genyen. Gen resous pou èd ki entegre nan sistèm nan pou reponn kesyon.