Èske m ka rezève yon òdonans ki te pataje avèk tanp lan?

Share

Rezèvasyon yon òdonans ki te pataje avèk tanp lan pa mande okenn demach espesyal. Gade enfòmasyon sou òdonans moun nan jan ou t ap fè sa nòmalman swa sou sitbèb FamilySearch la swa sou app Ab Familyal la. Si yon òdonans patikilye montre yon senbòl tanp vèt avèk yon òlòj, moun ka mande l. Si òdonans lan gen yon senbòl tanp ble, moun pa ka mande l.

Remak:

  • Moun k ap pataje non an avèk tanp lan dwe gen lyen parante. Moun k ap fè òdonans lan pa bezwen lyen an.
  • Si ou rezève yon òdonans ki te pataje avèk tanp lan, òdonans sa pa p kapab repataje avèk yon gwoup familyal oswa yon lòt moun. Ou pral wè mesaj sa a si ou eseye repataje li: “pa kapab pataje ankò.”
  • Si ou vle pataje òdonans yo avèk yon gwoup familyal, sispann pataje òdonans lan avèk tanp lan epi apre sa repataje l avèk gwoup familyal la.
SenbòlSiyifikasyon

Family Tree Temple Icon 120-Day Reservation

Òdonans lan te pataje avèk tanp lan epi yo ka fè yon demann pou li.

Si ou rezève youn nan òdonans sa yo, rezèvasyon ou ap ekspire nan 120 jou.

Si ou pa ka konplete òdonans lan nan entèval 120 jou, òdonans lan ap retounen nan tanp lan.


Family Tree Temple Icon--Reserved
Si w pa ka fè demann òdonans lan, Ab Familyal ap montre yon senbòl tanp ble. Men kèk rezon ki anpeche w rezève òdonans lan.
  • Tanp lan te deja enprime kat non an.
  • Yon lòt moun te deja rezève òdonans lan apre li te fin pataje.
  • Òdonans ki vini avan yo, tankou batèm ak konfimasyon, poko konplete.

    Atik ki gen rapò

    Kijan pou m fè demann oswa rezèvasyon òdonans tanp nan Ab Familyal?
    Yon moun rezève òdonans pou yon manm fanmi pwòch mwen
    Yon moun rezève yon òdonans ke mwen vle fè.
    Kijan pou m gade òdonans zansèt mwen yo nan Ab Familyal la ?
    Kijan pou m sispann pataje non familyal avèk tanp lan?

    Èske sa te itil?