Kouman pou m rapòte abi, kourye endezirab (spam,) souvni inapwopriye, ak lòt bagay?

Share

Kijan pou rapòte abi oubyen kontni inapwopriye ou jwenn nan FamilySearch avèk fonksyon Rapòte Abi a.

Si yon moun voye mesaj endezirab ba ou, ou ka bloke moun nan. Apresa, mesaj li yo p ap vizib pou ou ankò. Gade enfòmasyon ki nan seksyon atik ki An Rapò yo pou detay.

Kisa ki konsidere kòm abi?

Abi, nan ka sa a, defini kòm nenpòt materyèl ki sovgade nan FamilySearch ke yon moun konsidere kòm ofansif oubyen inapwopriye, tankou bagay suivan yo: 

  • Langaj oubyen kontni ofansif
  • Enfòmasyon ki ta ka deranje oubyen anbarase manm fanmi ki vivan yo.
  • Lyen ki mennen nan paj entènèt ekstèn ki gen kontni ki pa apwopriye
  • Solisitasyon pou biznis oubyen sèvis rechèch
  • Arasman
  • Deklarasyon Politik
  • Vyolasyon Dwa otè

Abi nan FamilySearch enplike tou afiche benediksyon patriyach oswa dosye tanp ofisyèl nan nenpòt nan kote sa yo:

  • Diskisyon
  • Nòt
  • Souvni
  • Tibout Istwa Lavi

Kisa ki pa konsidere kòm abi?

Nou pa konsidere erè oubyen chanjman nan rejis yo kòm abi. Si w gen kesyon konsènan erè aksidantèl oubyen potansyèlman malveyan nan rejis yo ke w pa ka rezoud, silvouplè kontakte Sipò FamilySearch.

Politik nou defini nan seksyon Kondisyon Itilizasyon FamilySearch, ki nan anba majorite paj nan sit FamilySearch la.

Etap (sit entènèt)

  1. Ale nan yon espas nan FamilySearch kote w ka rapòte abi:
    1. Zouti: Sou paj Pèsojnèl yon moun, gade nan Zouti pou w ka jwenn lyen Rapòte Abi a.
      1. - Sou paj moun nan, chwazi tab detay yo.
      2. - Nan kolòn adwat la, glise desann nan seksyon Zouti yo.
      3. - Nan seksyon Zouti yo, klike sou Rapòte Abi.
    2. Memwa vizyalizèaliseu: Nan vizyalizè atik memwa, nan kwen anlè-adwat la, klike sou 3 pwen yo epi apresaa, klike sou Abi Rapò.
    3. Kozri: Klike sou non moun nan bòkote yon kozri, epi klike sou Rapòte Abi.
  2. Ranpli enfòmasyon nesesè a, epi klike Soumèt. Tout rapò yo rete konfidansyèl.

Etap (app pou aparèy mobil)

Ou ka rapòte yon mesaj ofansif ke ou resevwa nan Kozri FamilySearch.

  1. Ouvri app FamilySearch la sou telefòn ou an.
  2. Tape sou senbòl menian.
    • Sou yon aparèy Apple iOS, tape sou 3 liy paralèl yo nan kwen anba adwat la.
    • Sou yon aparèy android, tape sou 3 liy paralèl yo nan kwen anwo agòch la.
  3. Tape Kozri.
  4. Tape sou kozri ou vle rapòte a.
  5. Nan kwen anlè-adwat la nan fenèt kozri ki parèt la, tape sou 3 pwen vètikal yo, epi apresa, tape sou Rapò Abi.
  6. Seleksyone tip abi a:
  7. Nan seksyon "Rapò" a, tanpri eksplike enkyetid ou.
  8. Antre imèl oswa nimewo telefòn ou. Youn nan de opsyon sa yo dwe ranpli pou soumèt rapò a.
  9. Tape soumèt.

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Ab Familyal Senplifye a pa genyen bouton Rapòte Abi yo. Sepandan, ou ka glise ale sou anba nenpòt paj epi klike sou Kòmantè ak Asistans, apresa voye yon mesaj ban nou konsènan abi a.

Atik ki gen rapò.

Kouman pou m fèmen, kache oswa bloke yon moun pou evite kozri avèk mwen?
Ki règ ki genyen pou diskisyon ak kozri?

Èske sa te itil?