Ki tout pwoblèm done ki posib nan Ab Jeneyalojik?

Lè Ab Jeneyalojik detekte enfòmasyon enposib oubyen envrèsanblab pou yon moun, li afiche yon senbòl pwoblèm enfòmatik. Senbòl lal se yon kare wouj ak yon pwen esklamasyon blan.

Tab la gen lis tout pwoblèm done yo, dekri lè yo parèt, epi endike si ou ka rejte yo.
 

    Pwoblèm DoneDeskripsyonEske yo ka rejte?
    Nesans apre Lanmò PapaAne nesans timoun lan vini pita ke ane lanmò papa a.Non
    Nesans apre Ane Manman an Ka Fè Pitit Ane nesans timoun nan vini apre manman an te gen 52 zan, ki se nòmalman apre laj nòmal pou moun fè pitit.Wi
    Nesans apre Lanmò ManmanAne nesans timoun lan vini pita ke ane lanmò manman an.Non
    Nesans anvan Papa a te Ka Fè PititAne nesans timoun lan vini avan papa a te gen laj 12 an.Non
    Nesans anvan Manman te Ka Fè PititAne nesans lan vini avan manman an te gen laj 12 an apre ane lanmò papa a.Wi
    Fèt apre l te MaryeAne nesans moun nan vini apre ane maryaj la. Non
    Fèt apre Lanmò KonjwenAne nesans moun lan vini apre ane lanmò konjwen an.Non
    Pitit ki Fèt anvan PapaAne nesans timoun lan vini avan ane nesans papa a.Non
    Pitit ki Fèt anvan ManmanAne nesans timoun lan vini avan ane nesans manman an.Non
    Timoun nan Krisyanize anvan PapaAne krisyanizasyon timoun nan afiche avan ane nesans papa a.Non
    Timoun Krisyanize anvan ManmanAne krisyanizasyon timoun nan afiche avan ane nesans manman an.Non
    Lanmò Timoun anvan Papa Ane lanmò timoun lan vini avan ane nesans papa a. Non
    Lanmò Timoun anvan Manman Ane lanmò timoun lan vini avan ane nesans manman an. Non
    Timoun ki pa Matche

    Moun sa a gen yon timoun men yo mete li tankou li “Pa gen timoun.”

    Koup la gen timoun men yo mete yo tankou moun ki “Pa gen timoun.”

    Non
    Krisyanizasyon anvan Papa a te Ka Fè PititAne krisyanizasyon timoun nan montre ke l fèt anvan papa a te gen omwen 12 an.Non
    Krisyanizasyon anvan Manman te Ka Fè PititAne krisyanizasyon timoun nan montre ke l fèt anvan manman an te gen omwen 12 zan.Non
    Lanmò anvan Ane NesansAne nesans moun nan vini avan ane nesans la.Non
    Mouri anvan Dat Krisyanizasyon an.Ane krisyanizasyon timoun nan afiche avan ane nesans papa a.
    Lanmò anvan Konjwen Te FètAne lanmò moun lan vini avan ane nesans konjwen an.Non
    Ane Lanmò anvan MaryajAne lanmò moun nan vini avan ane maryaj la.Non
    Mouri twò Jèn pou Maryaj oubyen PititMoun nan gen enfòmasyon sou maryaj ak pitit, men moun nan te mouri nan laj 8 an oswa pi jèn.Wi
    Karaktè EnvalidNon Vital la gen karaktè ki envalid.Wi
    Karaktè EnvalidNon Vital la gen karaktè ki envalid ki repete.Wi
    Gason oswa Fi ObligatwaSpesifye sèks pou moun sa a.Non
    Ab Jeneyalojik Ap wouleMoun sa a gen yon timoun ki parèt kòm paran l tou. Non
    Maryaj ki pa MatcheMoun nan te marye oswa viv ansanm men gen yon evenman ki afiche tankou li “Pa t Janm Marye.”Non
    Marye avan Laj12 AneYon konjwen te gen mwens pase laj 12 an nan moman maryaj la.Wi
    Plas oswa Dat Evenman Nòmalize MankeYon dat oswa plas pou yon evenman, tankou nesans, maryaj, osw alanmò, pa nòmalise dapre bazdone a, sa ki fè l difisil pou chèche l.Non
    Moun ki gen plis pase Laj 120 AnMoun twò granmoun pou l ap viv Dat nesans lan depase 120 an.Non
    Timoun ki Petèt DiplikataEnfòmasyon konsènan 2 oswa plis timoun se menm bagay: Non an se menm. Ane nesans lan se menm oubyen manke. Ane lanmò a se menm oubyen manke. Kondisyon lavi yo se menm.Wi
    Diplikasyon Posib pou KonjwenEnfòmasyon konsènan 2 oswa plis konjwen se menm bagay: Non an se menm. Ane nesans lan se menm oubyen manke. Ane lanmò a se menm oubyen manke. Kondisyon lavi yo se menm.Non
    Moun ki ReparètMOun nan parèt nan plis pase yon kote nan liyaj la, men pa nan yon sikui.Wi
    Pwoblèm Fèt tou mouriRejis moun an genyen yon evenman fèt sou mouri, men dat vital yo montre ke moun nan te viv plis pase yon ane.Non

    Atik ki an rapò

    Kijan pou m fizyone rejis ki diplike yo nan Ab Jeneyalojik lè yo gen sous ki diplike?
    Kouman pou m rezoud pwoblèm enfòmasyon yon “fèt mouri” nan Ab Jeneyalojik?
    Aprann kounan pou mande yon mizajou nan bazdone lokalite nòmalize yo?
    Kouman pou m rezoud yon asandans ki makonnen nan Ab Jeneyalojik?

    moduleTitle