Konsènan pwofil FamilySearch la

Chak moun ki siyen pou FamilySearch gen yon pwofil ki vini ak kont la. Edite pwofil ou a pou w pèsonalize fason w parèt pou lòt itilizatè FamilySearch, pou sa ki dwe vizib piblikman ak sa ki dwe rete prive.

Pwofil ou a enkli eleman enfòmasyon sa yo:

Pòtre: Telechaje yon foto pwofil sou kont FamilySearch ou a ka ede distenge w de lòt moun ki gen kont ki pote menm non avèk ou. Konsidere pou w telechaje yon foto ki pa reyèl oubyen yon desen foto w prefere si w pa santi w konfòtab pou w poste yon foto reyèl. Si w pat ko telechaje yon foto, espas pou pòtre a ap montre premye lèt kontak ID kont FamilySearch ou a.

Non: Se avèk non sa a moun ap rekonèt ou nan sou FamilySearch. L ap toujou vizib pou lòt moun epi l ka yon non konplè, yon non pasyèl, oubyen menm yon tinon jwèt. Tout tan ou pako pèsonalize espas sa a, n ap itilize kontak ID ou nan espas non an. Non ou chwazi a PA bezwen rezève a oumenm sèlman epi li ka yon bagay ki pwoteje idantite w pandan ke w ap toujou kite moun ou konnen yo jwenn ou.

Kontak ID:Ou resevwa kontak ID a lè w anrejistre. Ou ka edite l, men, li dwe rete pou ou sèlman, ki vledi de moun pa ka gen menm kontak ID. ID (Nimewo Idantifikasyon) sa a asosye avèk kèlkeswa sa w ajoute oubyen modifye nan FamilySearch. Silvouplè, pa itilize karaktè ponktiyasyon nan Kontak ID w la.

Lokasyon: Pwofil ou a gen yon plas pou peyi w oubyen rejyon w. Se yon espas ki obligatwa, men, li ka vin prive. Lè w kite lokalite jeneral ou piblik, sa ede distenge w de lòt itilizatè FamilySearch lè zanmi oubyen lòt moun ap chèche jwenn ou.

Kont Prive

Gen kèk kont ki otomatikman deziyen kòm kont prive.

Mwens ke 18 tan: Kont moun ki gen mwens ke 18 tan yo natirèlman prive. Moun ki gen kont lan ka fè mizajou sou pwofil enfòmasyon an, men, pwofil la ap toujou prive. Si w gen 18 tan oubyen w pigran epi kont ou a te make “Prive,” verifye ke ou antre enfòmasyon dat nesans ou a kòrèkteman nan fonksyon pareamèt kont la.

Restriksyon Gouvènmantal: Gen kèk gouvènman oubyen kilti ki limite kantite enfòmasyon pèsonèl ke yon sit entènèt ka rasanble oubyen pataje. Si w panse ke kont ou a te make “Prive” pa erè, ale nan FamilySearch epi asire w ke enfòmasyon sou Peyi oubyen Rejyon w lan te seleksyone korèkteman.

Èske sa te itil?