Genyen mizajou nan fonksyon gwoup familyal yo pou pèmèt fanmi ou travay ansanm nan yon ab gwoup familyal.
Kisa ki rete menmjan
Gwoup yo toujou bezwen administratè
Nou rekòmande pou chak gwoup gen omwen 2 ak jiska 3 administratè, ki ranpli wòl enpòtan nan gwoup yo ye a:
- Sèvi kòm moun k ap ede gwoup la.
- Akòde lòt moun dwa administratif.
- Jere stati manm gwoup la.
- Aktive opsyon yo pou gwoup la.
- Tabli detay yo pou gwoup la (foto, non, deskripsyon, kòd konduit).
- Kreye yon premye ab gwoup familyal (si yo vle).
Gwoup Kozri
Manm gwoup yo ka toujou kolabore nan yon gwoup kozri.
Kisa ki nouvo oswa diferan
Ab gwoup familyal yo
Gwoup yo kapab kounyea pataje yon ab gwoup familyal, ki pèmèt yo pataje yon ab ki gen manm fanmi yo ki vivan.
Chwazi yon ab prefere
Ou kapab kounya chwazi yon ab prefere. Ab sa a afiche pa defo lè w ouvri Ab Familyal epi li sèvi pou kalkile relasyon ant ou menm ak yon moun nan Ab Familayl oswa yon lòt itilizatè.
Pwosesis envitasyon an
Pwosesis pou envite manm gwoup yo prèske menm jan li te ye a. Sèl chanjman an sèke si yon gwoup familyal gen yon ab gwoup familyal, tout moun ki rantre nan gwoup la dwe nan ab la toudabò.
Pandan tès aksè anvan an, nou te fè eksperyans mande administratè yo pou yo voye bay chak nouvo manm gwoup yon envitasyon inik. Nou te resevwa fidbak ke sa te twò konplike epi nou retounen nan pwosesis orijinal la.
Paj aktyalite familyal
Yon nouvo paj aktyalite familyal pèmèt ou poste mesaj pou gwoup la.
Aprann plis
Pou jwenn èd pou kòmanse, vizite Sant Aprantisaj Gwoup Familyal la pou jwenn videyo itil, kesyon moun poze souvan, ak atik.