Konsènan ab gwoup familyal yo

Share

Ab gwoup familyal yo disponib kounyea pou tout moun. Ou pa bezwen ale nan Laboratwa FamilySearch pou eseye li. Si ou sete youn nan premye itilizatè nou yo, mèsi pou tan ou ak fidbak ou.

Kisa ki rete menmjan an

Lè w ap travay nan Ab Familyal, ou pral wè ke pifò fonksyon yo travay egzakteman menmjan ak anvan. Karaktè yo, koulè yo, gwosè karaktè yo, kontras, ak mòd fonse yo rete menmjan tou.

Kisa ki nouvo oswa Chanje

Pataje yon ab ki gen moun vivan: Avèk ab gwoup familyal yo, ou ka pataje pòsyon ab ou a ki gen moun ki vivan an avèk manm fanmi ki vivan yo. Tout moun wè menm ab la.

Ajoute yon ab gwoup familyal nan gwoup familyal ki egziste deja oubyen kreye yon nouvo gwoup avèk yon ab: Si ou deja genyen yon gwoup familyal, ou ka aktive opsyon pou pataje yon ab gwoup familyal la. Si ou pa gen yon gwoup familyal, ou ka kreye youn nouvo ki genyen yon gwoup familyal kou w kòmanse.

Jere gwoup familyal: Fonksyon amelyore sou jesyon gwoup familyal yo pèmèt ke w ajoute yon ab gwoup familyal pou gwoup ou a, wè detay ab yo, wè yon paj aktyalite sou aktivite gwoup la, epi defini mounk ap kòmanse. Ou ka toujou bay gwoup la non, ajoute yon foto, fè kozri avèk gwoup la, ak fè tout lòt jesyon gwoup. Pou akomode tout nouvo fonksyon yo, nou elaji ekran an epi nou reòganize fonksyon yo.

Navige ant yon ab gwoup ak gwoup la: Ou ka fasilman ale ant ab gwoup familyal la ak gwoup familyal ki gen aksè a li a.

Fasilman deplase ant ab yo: Ou ka fasilman konnen nan ki ab ou ye ak deplase soti nan yon ab al nan yon lòt si w itilize nouvo selektè ab la, ki sitiye nan kwen anwo-agòch nan Ab Familyal la.

Limite souvni yo a yon gwoup familyal: Ou ka telechaje souvni epi limite vizibilite yo nan gwoup familyal la.

Afichaj Pòtrè: Nouvo afichaj pòtrè a itil espesyalman pou wè fanmi elaji ou nan yon ab gwoup familyal.

Lis Moun Prive: Lis Moun Prive a vin pi puisan epi, an konsekans, li deplase soti nan Kontribisyon Mwen yo ale nan meni navigasyon Ab Familyal la. Lis la kounyea genyen moun ki alafwa nan ab prive w yo ak ab gwoup familyal ou yo epi li ka idantifye diplikata posib yo anndan menm ab la. Ou pral jwenn opsyon tou ki ap pèmèt ou kopye moun nan lis prive w la pou al mete yo nan yon ab gwoup familyal oswa ab prive w la.

Suiv moun ki vivan: Ou kapab kounyea suiv moun ki vivan yo nan yon ab gwoup familyal epi fè yo parèt sou lis pou moun w ap suiv yo.

Aprann plis

Pou jwenn èd pou kòmanse, vizite Sant Aprantisaj Gwoup Familyal la pou w jwenn videyo itil, kesyon moun poze souvan, ak atik.

Èske sa te itil?