Ab gwoup familyal yo se yon tip gwoup familyal ki pèmèt pou fanmi yo travay ansanm nan Ab Familyal. Nan yon ab gwoup familyal, patisipan gwoup yo ka ajoute oubyen modifye enfòmasyon sou menm moun vivan yo andedan menm ab familyal la. Sa enkli ke yo kapab ajoute ak gade souvni ak sous yo—tout sa ou kapab fè kounyea pou moun ki desede yo. Nan yon ab gwoup familyal, tout manm ki nan gwoup la ka wè ak modifye menm moun yo, enkli moun ki vivan.
Avèk ab gwoup familyal yo, nou espere pote pou itilizatè FamilySearch yo plizyè benefis enpòtan:
Konekte fanmi vivan ou. Favorize linite.
Rasanble fanmi nan yon gwoup, epi gade menm tablo jeneyalojik la. Enplike fanmi ou nan navige nan istwa fanmi yo an ekip. Anrichi istwa w avèk foto, istwa ak sous.
Pataje epi pwoteje.
Pataje souvni ak etap enpòtan nan lavi yo pandan ke yo ankò frèch, epi pwoteje vi prive anliy chak moun.
Kite yon eritaj.
Asire ke generasyon fiti nan fanmi w yo ka gen aksè nan enfomasyon sa pou yo ka aprann sou lavi ou.