Lis Tach la mache byen pou planifye pwochen etap rechèch oubyen pou kaptire ide oswa kesyon ou ta renmen reponn sou yon zansèt espesifik.
Kijan sa mache:
Pou lokalize fonksyon Lis Tach la:
Sou sit entènèt FamilySearch.org la, apre yon koneksyon fin etabli, Lis Tach la sitiye nan kwen anba a dwat nan ekran an.
Pou ajoute yon Tach:
1. Chwazi + Ajoute yon tach…nan pati ki sou tèt bwat Lis Tach la.
2. Tape sou Tach ou an.
3. Tape oswa klike sou make chèk pou konsève l.
Remak: Limit karaktè a se 1000 karaktè, tou depann de lang lan.
Pou edite oswa efase yon Tach:
1. Chèche Tach ou ta renmen edite oswa efase a.
2. Sou bò dwat Tach la, tape oswa klike sou 3 pwen yo.
3. Tape oswa klike Editepou fè yon chanjman sou Tach la oswa Efasepou retire li nan lis la.
Tach Akonpli yo
Yon fwa ou make yon tach, li pral parèt sou lis Tach Akonpli a. Tach akonpli yo ka efase lè nou tape oswa klike sou senbòl panye fatra a.
Lyen nanTach yo
Ou kapab mete lyen ki mennen sou sitwèb oswa sou moun nan Ab Familyal la nan Tach ou an. Lyen sa yo kapab aji kòm rakousi pou sote ale dwat nan zòn ou vle travay nan sit la.
Remak: Enstriksyon sa yo se pou Lis Tach la ki sou nouvo paj akèy la (asire bouton ki akote eseye nouvo fonksyon paj akèy la plase sou kwen anwo dwat nan ekran an oubyen li sou bò dwat la, oswa li limen). Opsyon Lis Tach la pa disponib sou aplikasyon mobil la, li disponib sèlman sou sit entènèt FamilySearch.org la.