Nan Ab Familyal, fonksyon Diplikata Posib la gendwa pa montre lis tout fichye yon moun ki an diplikata. Si w konnen nimewo Idantifikasyon yon diplikata ki pa sou lis la, ou ka itilize l pou w fizyone fichye yo.
Anvan w kòmanse
Chèche nimewo Idantifikasyon fichye ki pou fizyone a. Toulède fichye yo dwe nan menm ab la si w pral deplase yo, paregzanp, toulède nan ab piblik la, toulède nan ab prive w la, oubyen toulède nan menm ab gwoup familyal la.
Machasuiv (sit entènèt)
- Nan meni anlè a, klike sou Ab Familyal, epi apresa klike sou Ab.
- Si nesesè, chanje al nan ab la ki gen diplikata yo.
- Jwenn moun ou vle fizyone a.
- Klike sou non moun nan. Nan detay ki parèt yo, klike sou non moun nan ankò. Sa pral redirije w al sou paj moun nan.
- Klike sou onglè[tab] Detay la.
- Klike sou Fizyone selon Nimewo Idantifikasyon. Li sitiye nan seksyon Zouti a, sou bò dwat paj la.
- Antre nimewo Idantifikasyon an avèk lèt majiskil yo ak trèdinyon an.
- Klike sou Kontinye. Ekran fizyon an ap ouvri nan yon nouvo onglè[tab] navigatè a.
- Kote goch: Sa se diplikata posib la. L ap efase si w fizyone fichye yo.
- Kote dwat:Sa se fichye ou te kòmanse avèk li a. L ap sovgade si w fizyone fichye yo.
- Deside si fichye yo konsène menm moun nan.
- Konpare bò dwat la ak bò goch la pou wè si non yo, dat yo, andwa yo, ak manm fanmi yo koresponn.
- Li nenpòt mesaj avètisman ki sou ekran an.
- Si fichye ki agoch la pi egzat, rekòmanse pwosesis fizyonman an apati paj lòt moun nan pou fichye l la ka sovgade.
- Si fichye yo pa konsène menm moun nan, klike souPa Koresponn. Si fichye yo pa konsène menm moun nan, klike souPa Koresponn. Si w gen dout, klike souAnile.
- Sou fichye sivivan an, repase tout enfòmasyon ki sou fon vèt la. Enfòmasyon ki souliyen yo ap kopye sou fichye sivivan an lè w fin fè fizyon an. Si enfòmasyon sa a pa ta dwe sovgade sou fichye sivivan an, klike souDefèt.
- Klike souKontinye.
- Fini fizyon an:
- Revize fichye sivivan an.
- Si tout bagay parèt jan yo ta dwe a, klike souFini Fizyon an.
- Pou eksplike poukisa ou fizyone fichye sa yo, se oubyen ou seleksyone yon deklarasyon jistifikasyon yo sigjere a, oubyen ou antre youn pa ou.
- Klike sou Sovgade.
Imedyatman apre fizyon an epi pou yon ti tan, yon opsyon “defèt” ap disponib. Li pèmèt ou fasilman anile fizyon de fichye yo.
Etap (app mobil)
- Nan app mobil Ab Familyal la, afiche paj moun nan pou youn nan fichye ki se diplikata yo.
- Si nesesè, chanje al nan ab la ki gen diplikata a.
- Tape sou twa pwen yoanlè, kwen adwat la.
- Tape sou Diplikata Posib.
- Tape sou Fizyone pa Nimewo Idantifikasyon.
- Antre nimewo Idantifikasyon (ID) a avèk lèt majiskil ak trèdinyon an, epi tape sou Ale.
- Tape souRevize Fizyon.
- Li avètisman an, epi tape sou Kontinye Fizyon. Ekran fizyon an parèt
- Kote goch: Sa se diplikata posib la. Li efase si w fizyone fichye yo.
- Kote dwat:Sa se rejis ou te kòmanse avèk li a. Li sovgade si w fizyone fichye yo.
- Deside si fichye a konsène menm moun nan.
- Konpare kote goch ak kote dwat yo pou wè si non yo, dat yo, andwa yo, ak manm fanmi yo koresponn.
- Si fichye ki agoch la se sa ki pi kòrèk la, klike sou Chanje pou kenbe l pito.
- Deside si w dwe kenbe nenpòt enfòmasyon nan moun w ap efase a.
- Pou w deplase enfòmasyon soti agoch al adwat, tape sou Ranplase
- Pou w ajoute enfòmasyon soti agoch al adwat, tape sou Ajoute.
- Èd: Si rejis ki agoch la gen paran, konjwen, oubyen pitit diplike, ajoute yo sou rejis ki rete a. Ou ka fizyone diplikata sa yo pita.
- Lè w fini, glise desann nan fen paj la, epi tape sou Kontinye Fizyone.
- Antre rezon an epi eksplike poukisa ou fizyone fichye sa yo.
- Tape sou Fizyone.
Nòt: Vèsyon iOS app la genyen sèlman opsyon pou Ranplase enfòmasyon yo olye de Chanje oswa Ajoute yo.
Etap (Ab Familyal Senplifye)
Pou lemoman, Ab Familyal Senplifye pa otorize fizyon. Konekte nan sit entènèt FamilySearch la oubyen nan app mobil Ab Familyal la pou kontinye pwosesis fizyon an.
Pwochen etap ki rekòmande yo
- Retire sous oubyen souvni ki pa kòrèk yo nan fichye ki rete a.
- Repase manm fanmi moun nan pou wè si yo gen diplikata posib.
Atik ki an rapò
Kòman pou m fizyone diplikata posib yo nan Ab Familyal?
Kòman m ka jwenn yon moun ki desede nan Ab Familyal?
Kòman pou m deside si de fichye nan Ab Familyal konsène menm moun nan?
Kòman pou m defèt yon fizyon nan Ab Familyal?