Kijan pou m fè demann òdonans pou yon zansèt ki te fèt nan dènye 110 ane yo?

Share

Lè ou rezève òdonans pou zansèt ou yo, ou ka jwenn yon mesaj avètisman konsa, “Pèmisyon obligatwa.” Mesaj la vledi ke zansèt la te fèt nan dènye 110 ane yo. Ou dwe resevwa pèmisyon nan men yon fanmi pwòch ki vivan anvan ou ka rezève non an pou travay tanp. Pèmisyon vèbal akseptab.

Yon fanmi pwòch ki vivan kapab yon konjwen nondivòse, yon pitit ki adilt, yon paran, oswa yon frè oubyen yon sè.

FamilySearch jere demann pou etap relasyon familyal yo sou yon baz ka-pa-ka.

Si pa gen fanmi pwòch ki vivan pou bay pèmisyon, ou ka toujou mande pèmisyon pou w fè òdonans yo. Tanpri bay prèv ke pa gen fanmi pwòch vivan ki egziste. 

Pou plis enfòmasyon sou sijè sa a, tanpri konsilte Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 28.1.

Pitit pitit yo ka fè demann òdonans pou granparan yo ki mouri. Pitit pitit yo toujou bezwen pèmisyon yon fanmi pwòch ki vivan. Pitit pitit yo pa ranpli fòm pèmisyon an.

Anvan ou kòmanse

  • Pou mande pèmisyon, ou bezwen yon adrès imèl ak yon nimewo telefòn pou fanmi pwòch vivan ki te ba ou pèmisyon an. 
  • Asire w ke moun ki te bay pèmisyon an parèt nan Ab Familyal kòm yon fanmi pwòch moun ki mouri a.
  • Si pa gen fanmi pwòch ki vivan, asire w ke Ab Familyal gen enfòmasyon sou lanmò yo. Atache sous kòm prèv. 

Etap (sitwèb)

  1. Nan Ab Familyal ki sou sitwèb FamilySearch.org la, ale nan paj moun pou fanmi an ou vle fè demann òdonans la. 
  2. Sou paj moun nan, gen yon seri de tab ki parèt dirèkteman anba non fanmi an. Klike Òdonans.
  3. Klike Demann (Pèmisyon Obligatwa).
  4. Nan kazye Pèmisyon Oblijagwa a, klike sou  Mwen Gen Pèmisyon.
  5. Reponn kesyon an, "Èske konjwen an vivan?"
  6. Ranpli enfòmasyon an, epi klike Soumèt.
  7. Yon mesaj fè w konnen ke ou soumèt demann lan. 

Etap (app mobil)

  1. Nan app mobil Ab Familyal la, ale nan paj moun ki fanmi an ou vle fè demann òdonans la. 
  2. Anba banyè non an, tape Òdonans.
  3. Tape Mande Pèmisyon
  4. Anba deklarasyon règleman an, antre imèl ak nimewo telefòn ou. 
  5. Antre relasyon ou avèk moun sa a, ansanm ak rezon ou pou demann nan. 
  6. Antre non moun ki te bay pèmisyon an. 
  7. Idantifye relasyon ant moun ki te bay pèmisyon an ak fanmi ki mouri a. 
  8. Antre kontak enfòmasyon pou moun ki te bay pèmisyon an. 
  9. Adwat anlè nan ekran an, tape Soumèt

Etap (Ab Familyal Senplifye)

Ou pa kapab mande pèmisyon nan Ab Familyal Senplifye a (Family Tree Lite).

Apre w fini

Ou resevwa yon imèl sou demann ou a kèlkeswa sa desizyon an ye. Sipò FamilySearch travay pou reponn nou alè. Asire w ke w verifye fichye imel djonk ou lè w ap chèche imèl sa a.

  • FamilySearch apwouve demann ou an. Sistèm nan ajoute non familyal la otomatikman nan lis non familyal ou a. Kounyea, ou ka enprime kat non familyal la. Si non an pa parèt sou lis non familyal ou a, reponn imèl apwobasyon ou te resevwa a.
  • Demann ou an mande plis enfòmasyon. Tanpri reponn avèk enfòmasyon an.
  • FamilySearch rejte demann ou an. Ou pa ka repete pwosesis demann nan. Olye de sa, ou ka reponn imèl ou te resevwa a.

Atik ki gen rapò

Mwen pa ka jwenn okenn fanmi vivan ki pi pwòch pou akòde pèmisyon pou òdonans yo.
Èske m bezwen pèmisyon fanmi vivan ki pi pwòch la pou m fè òdonans tanp yo?
Èske m ka fè demann òdonans tanp pa pwokirasyon pou yon zanmi?
Moun mwen ka fè demann òdonans tanp pou yo.
Fè travay tanp pou moun ki pa fanmi mwen.

Èske sa te itil?