Relasyon menm sèks nan FamilySearch: FAQ

Share

FamilySearch se youn nan pi gwo koleksyon done jeneyalojik nan mond lan, ki soti nan sous sivil, eklezyastik, ak lòt sous ke chak chèchè dwe evalye pou valè jeneyalojik yo. Kounyeya, Family Tree nan FamilySearch bay itilizatè yo posiblite pou yo dokimante relasyon familyal menm sèks.    

An konfòmite avèk doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, se sèlman maryaj ant moun sèks opoze ki kapab selebre oubyen sele nan tanp lan.

1. Poukisa FamilySearch ap fè sa a?

Family Tree nan Family Search te kreye pou ankouraje presizyon jeneyalojik ki baze sou rejis sous orijinal. Family Tree bay itilizatè yo posiblite pou yo dokimante tout relasyon familyal, enkli maryaj menm sèks, ak adopsyon menm sèks. 

2. Èske sa se yon chanjman nan doktrin Legliz la?

Non. FamilySearch ap chèche pou l dijitalman prezève ak bay aksè a rejis jeneyalojik ak istorik, epi sa a fè pati efò li pou dokimante fanmi imèn avèk presizyon. Legliz la sèlman selebre oubyen sele maryaj ant moun sèks ki opoze.  

3. Èske yon koup menm sèks kapab sele ansanm?

Non. An konfòmite avèk doktrin Legliz la, koup menm sèks pa sele youn ak lòt, menm si yo marye legalman. Yon moun ki mouri e ki te viv nan yon relasyon menm sèks oubyen ki te fè pati yon maryaj menm sèks kapab resevwa tout lòt rit relijye ki disponib nan tanp kote li kalifye a.  

4. Èske pitit yon koup menm sèks kapab sele avèk paran yo?

Non. An konfòmite avèk doktrin Legliz la, timoun pa sele avèk yon koup menm sèks, menm si koup yo marye legalman. 

5. Èske FamilySearch se premye sit jeneyaloji ki pèmèt dokimante relasyon menm sèks?

Non. FamilySearch se pa premye sit jeneyaloji ki pèmèt dokimante relasyon menm sèks.  

6. Ki chanjman mwen pral wè nan Family Tree?

Lè l ap ajoute yon konjwen oubyen yon paran, itilizatè a kapab kounyea ajoute yon konjwen oubyen paran menm sèks.   

7. Kisa sa te mande pou yo ajoute fonksyon sa a?

Yo te oblije redefini plizyè sistèm ki antoure Family Tree, tankou Ab Jeneyalojik ak rechèch rejis, nan yon fason siyifikatif, pou pèmèt dokimantasyon sou relasyon menm sèks yo anvan pou Family Tree te kapab deside sou fonksyon sa a.   

8. Èske li mache nan aplikasyon mobil Family Tree a?

Wi. L ap mache nan app mobil la depi itilizatè a enstale tout mizajou ki nesesè yo.  

9. Èske mwen kapab soumèt souvni (foto, istwa, dokiman) ki gen sijè ki an rapò avèk relasyon menm sèks?

Nòm pou soumèt souvni (foto, istwa, dokiman) se menm pou tout itilizatè yo, epi yo suiv FamilySearch Upload Guidelines and Policies.[Direktiv ak Règleman pou Telechaje nan FamilySearch].

Ki gen rapò

FamilySearch Family Tree Adds Ability to Document All Family Relationships (FamilySearch Newsroom) (FamilyTree nan FamilySearch Ajoute Posiblite pou Dokimante Tout Relasyon Familyal (FamilySearch Newsroom)
Kijan pou m ajoute yon konjwen oubyen yon patnè nan Family Tree?
Kijan pou m ajoute yon paran nan Family Tree?

Èske sa te itil?