Si w se yon administratè yon gwoup familyal, ou ka aktive yon ab gwoup familyal pou yon gwoup ki egziste. Ab gwoup familyal la pèmèt manm gwoup yo bati ak gade menm ab jeneyalojik manm fanmi ki vivan epi tou wè kijan yo konekte avèk zansèt desede yo nan ab piblik la.
Fonksyon sa a poko disponib nan aplikasyon mobil iOS la.
Etap (sit entènèt)
- Nan FamilySearch.org, klike sou Ab Familyal.
- Seleksyone Gwoup Familyal.
- Klike sou gwoup familyal la.
- Klike sou Modifye Gwoup.
- Klike sou Pèmèt gwoup sa a travay ansanm nan yon ab gwoup familyal.
- Li enfòmasyon sou akò yo, epi apresa klike sou 2 kazye pou tcheke yo.
- Klike sou Sovgade.
- Klike sou Seleksyone Moun.
- Klike sou kazye ki konsène chak moun ou ta renmen antre nan ab gwoup familyal la. Itilize kle flèch yo pou w montre frè ak sè, kouzen, matant, ak tonton sou tablo a.
- Klike sou Kopye nan Gwoup.
- Klike sou Kontinye al nan Tablo Jeneyalojik.
Tout manm ki nan gwoup familyal la ap resevwa yon mesaj pou fè yo konnen nouvo ab gwoup familyal sa a disponib. Yo tout apral kapab gade ak modifye enfòmasyon sou moun vivan ki nan ab jeneyalojik sa a.
Etap (aplikasyon mobil)
Nòt: Pandan ke w ka kreye gwoup familyal nan vèsyon Android aplikasyon mobil Ab Familyal la, ou pa kapab pataje ab gwoup familyal yo. An atandan ke nou ajoute fonksyon aplikasyon mobil pou Android la, nou rekòmande pou w itilize Ab Familyal sou yon navigatè entènèt olyesa.
- Nan vèsyon iOS aplikasyon mobil Ab Familyal la, ouvri fonksyon gwoup familyal la:
- Apple iOS : Tape sou Plis.
- Android: Nan pati anlè goch ekran an, tape sou 3 liy.p yo
.
- Tape sou Gwoup Familyal.
- Tape sou gwoup ou vle a.
- Tape sou ... .
- Tape sou Modifye Detay Gwoup.
- Tape sou Pèmèt gwoup sa a travay ansanm nan yon Ab Gwoup Familyal.
- Opsyon sa a disponib aktyèlman nan vèsyon iOS aplikasyon mobil Ab Familyal la.
- Si w pa wè opsyon sa a, siman ou bezwen mete aplikasyon an ajou.
- Tape sou kazye pou akò yo.
- Tape sou Sovgade.
Si gwoup la ap gen yon ab gwoup familyal, seleksyone moun yo pou w ajoute nan ab la:
- Pou ajoute oumenm nan Ab Gwoup Familyal sa a, tape souKopye Jis Mwenmenm. Pou kopye moun nan lis prive w la, tape non yo, epi tape souKopye sa ki Seleksyone yo.
- Tape sou Kontinye al nan Ab Familyal.
- Tape sou Chanje.
Atik ki gen rapò.
Kòman pou m kreye yon gwoup familyal oswa yon ab gwoup familyal?