Nan Ab Familyal, relasyon koup yo konekte moun ki te marye, ki te abite ansanm, ki te gen pitit ansanm, oubyen ki otreman konsidere tèt yo kòm yon koup.
Evènman maryaj yo afiche avèk relasyon koup yo. Evenman yo detaye kreyasyon oubyen fen yon relasyon. Ou ka ajoute, edite, epi efase 5 kalite evenman maryaj nan Ab Familyal:
- Maryaj
- Divòs
- Anilasyon
- Plasaj
- Te Viv Ansanm
Yon koup ka gen plis pase yon evènman maryaj. Ou ka efase diplikata yo pou yon evènman.
Evènman maryaj yo afekte fason enfòmasyon nan Ab Familyal la afiche.
- Lè yon moun gen plis pase yon konjwen, konjwen yo parèt nan lòd kwonolojik dapre evènman maryaj yo.
- Dat ki pi bonè a parèt nan kazye koup la sou paj Moun nan.
Kantite enfòmasyon maryaj ki vizib nan Ab Familyal yo varye selon ab ou ka wè a.
Etap (sit entènèt)
- Konekte nan FamilySearch, epi klike sou Ab Jeneyalojik. Apresa klike sou Ab
- Jwenn moun nan sou ab la.
- Klike sou non moun nan. Nan detay ki parèt yo, klike sou non moun nan ankò.
- Klike sou tab Detayla.
- Glise al nan seksyon Manm Fanmi yo.
- Klike sousenbòl kreyon an akote evènman maryaj la pou koup la.
- Ajoute yon evènman maryaj:
- Klike sou Ajoute Evènman.
- Klike sou flèch desannnan, epi klike sou kalte evènman an.
- Antre dat ak kote a.
- Eksplike kijan w konnen enfòmasyon evènman sa a kòrèk.
- Klike souSovgade.
- Chanje yon evènman maryaj ki egziste:
- Klike sou senbòl kreyon pou koup la.
- Jwenn evènman ki egziste a, epi klike sou senbòl kreyon
- Fè chanjman yo.
- Eksplike kijan w konnen chanjman w te fè a kòrèk.
- Klike sou Sovgade
- Efase yon evènman maryaj:
- Klike sou senbòl kreyon pou koup la.
- Jwenn evènman ki egziste a, epi klike sou senbòl kreyon.
- Nan kwen goch sou ekran edite a, klike sou Efase evènman.
- Antre yon rezon pou efase evènman an.
- Klike Efase
Etap yo (app mobil)
- Nan app mobil Ab Familyal la, navige ale sou paj Pèsonèl moun nan oswa konjwen an.
- Tape sou Konjwen.
- Tape senbòl kreyon an akote antre maryaj la.
- Ajoute yon evènman maryaj:
- Tape sou Ajoute Evènman.
- Tape sou flèch desannnan, epi tape sou kalte evènman an.
- Antre dat ak kote a.
- Tape sou Kontinye.
- Eksplike kijan w konnen enfòmasyon evènman sa a kòrèk.
- Tape Sovgade.
- Edite yon evènman maryaj ki egzizte:
- Tape sou senbòl kreyon an pou evènman maryaj ou vle chanje a.
- Tape sou Edite.
- Ou ka edite kalte evènman an, dat ak kote a.
- Eksplike poukisa ou santi enfòmasyon an kòrèk.
- Tape sou Sovgade.
- Efase yon evènman maryaj:
- Tape sou senbòl kreyon an pou evènman maryaj ou vle efase a.
- Tape sou Efase Evènman Maryaj.
- Eksplike poukisa w ap efase evènman an.
- Tape sou Efase.
Etap yo (Family Tree Lite)
Nan Ab Familyal Senplifye a, ou ka ajoute 4 kalite evenman maryaj: Maryaj, Divòs, Plasaj, ak Anilasyon. Evenman Te Viv Ansanm nan pa disponib nan Ab Familyal Senplifye a. Pou ajoute evènman Te Viv Ansanm nan, itilize vèsyon entènèt Ab Familyal la oubyen app mobil Ab Familyal la.
- Konekte nan Ab Familyal Senplifye.
- Navige ale nan paj Pèsonèl moun nan oubyen konjwen an.
- Tape sou senbòl kreyonan pou enfòmasyon maryaj koup la.
- Ajoute yon evenman maryaj:
- Nan seksyon Evenman Maryaj la, tape sou Ajoute Evènman.
- Tape sou flèch desannnan, epi tape sou kalte evènman koup la.
- Antre dat ak kote a.
- Eksplike kouman w konnen enfòmasyon evènman sa a kòrèk.
- Tape Sovgade.
- Edite yon evenman maryaj ki egziste:
- Tape sou evenman an.
- Tape sou Edite
- Ou ka edite kalite evenman an, dat ak kote a.
- Eksplike kouman w konnen enfòmasyon evènman sa a kòrèk.
- Tape Sovgade.
- Efase yon evenman maryaj:
- Tape sou evenman maryaj ou vle efase a.
- Tape sou Efase.
- Eksplike poukisa w ap efase evenman an.
- Tape sou Efase.
Pwoblèm teknik
- Si w pa ka antre dat maryaj la, se kapab paske yonn nan konjwen yo pa nan Ab Familyal. Toude konjwen yo dwe parèt nan Ab Familyal anvan w ka antre enfòmasyon konsènan maryaj la. Ou ka jwenn epi atache yon konjwen oubyen kreye yon rejis.
- Ou wè yon erè : "Sovgade echwe. Done sa a deja egziste." Ab Familyal kite w asosye yon evènman avèk konbinezon yon dat ak yon kote. Si yon vèsyon egzizte, ou pa ka ajoute yon lòt pou matche avèk li. Okontrè, efase evènman ki pa kòrèk la.
Atik ki gen relasyon
Kouman pou m mete konjwen yo nan lòd selon dat maryaj yo nan Ab Familyal?
Yon moun nan Ab Familyal la gen konjwen ki pa kòrèk
Kouman pou m retabli yon relasyon ki efase nan Ab Familyal?
Kouman pou m endike ke yon moun nan Ab Familyal pa t gen pitit oubyen l pa t janm nan yon relasyon?
Kouman m ka endike keyon koup nan Ab Familyal pa t janm gen pitit?